Tripotay Lakay Profile Banner
Tripotay Lakay Profile
Tripotay Lakay

@tripotaylakay

Followers
13,125
Following
138
Media
7,983
Statuses
9,322

Nou pa fabrike Nouvèl, nou bay Nouvèl Email: info @tripotaylakay .com AN DIRÈK 24/24 sou

United States
Joined October 2015
Don't wanna be here? Send us removal request.
Explore trending content on Musk Viewer
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
1 month
Nouvo DG #PNH la Normil Rameau pa bay Frantz Elbe lamen.
103
27
270
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
1 month
Minis Zafè etranjè a raple obèkay anbasadè Ayiti nan peyi Chili a madam Pierre François Wedlyne paske li pa gen okenn diplòm inivèsite, desizyon sa ta pran tou akoz Madanm nan ta enplike nan zak koripsyon. Nan menm kout kat sa responsab zafè Ayiti nan peyi Kolonbi Brunet Pierre
Tweet media one
86
36
220
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
2 months
Britney Bernard se elèv NS2 sa video l ap sikile sou tout rezo yo kote direktè lekòl «Enstitisyon Georges Sylvain» pastè Felix ESTIME t ap wonfle byen wonfle nan mitan tout moun nan lekòl la pou yon kesyon de Joune lekòl la te òganize. Leta oblije foure pyel nan dosye sa, pastè a
59
44
131
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
2 months
Ansyen komisè gouvènman Pòtoprens, ansyen minis jistis Mèt Lucmane Delile anonse ke li depoze pyès li kòm kandida pou premye minis, mèt la di li konstate ke peyi a fè bèk atè devan bandi, tout rèv li se kwape malfwa yo, e si li ta rive premye minis, tout bandi te mèt al vann
Tweet media one
62
8
128
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
4 months
Aswè vandredi 15 mas 2024 la, Cimo ak plizyè lòt inite nan PNH la marye kout zam ak bandi ame kap opere nan Delma 6, 8, ki depi jounen a tap simen latwoublay nan ba Delma. Plizyè nan malfwa yo ta tonbe selon kèk sous kredib, ajan PNH yo rive demoli plizyè baryè ke mesye gang sa
Tweet media one
10
9
71
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
1 month
"Nou pap trayi" se 2èm mizik sa Jean Renald Bruno ke anpil moun konnen sou non Atis #TiPay #R èv, lage pou rann omaj a @moisejovenel , ki gen 3 zan depi Ayisyen mete ak etranje wete lavil andedan lakay li. "Yo fin T0UYEL, yo fè 3 zan sou pouvwa a"
6
5
51
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
2 years
FLASH! Yo fenk atake kay @avokapepla nan Tomasen, yo boule yon machin nan lakou kay mèt la. Sous: #RadioMega
Tweet media one
30
4
43
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
5 years
Pataje siw santi'w pa kapab oubyen ou konn yon moun ki pa kapab ankò - #MwenPakapabAnk ò
1
32
41
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
3 months
Nou poko janm ka sezi konsa, Gade kijan yo imilye yon patizan Guy Philippe devan Baryè Villa D'acceuil la kote yap fè eleksyon konsèy prezidansyèl la.. Militan Loiusma Ylrick, kite Guy li al jwenn Gerald Gills. Yo fèl malonèt "Chen pa fè kochon" yo pa kitel rantre. Li oblije
17
15
41
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
1 year
Popilasyon an nan komin Petyonvil nan kad operasyon bwa kale a touye o mwen 5 prezime bandi jodi madi 2 me a, selon plizyè temwen moun yo ki pase a lenfinitif la se ta malfwa ki vin kache nan lokalite “Jalousie, Stenio Vincent ak Sergo”. se yon gwo foul moun ki byen deside ki
Tweet media one
3
5
39
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
1 year
Alòske fowòm manje a ap kontinye nan Otèl Karibe, popilasyon kafou fèy la pase yon move moman anba men bandi gran ravin jodi mèkredi 24 Me a, bilan yon elèv mouri anba bal plizyè lòt moun blese. Nouvèl yo rapòte ke malfwa yo ki tap eseye anvayi zòn karidad ak anviwon li yo te
Tweet media one
Tweet media two
5
8
35
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
5 months
CARICOM mete dakò ak pati politik yo pou gen yon konsèy prezidansyèl 7 manb nan tèt peyi a, men 4 kritè òganizasyon emysferik la mete sou tab la pou yon mounn fè pati konsèy sa: 1-Fòk moun lan pat janm kondane Fòk li pa yon enkilpe aktèlman. 2-Fòk moun lan pap kandida nan
Tweet media one
8
9
30
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
2 years
Primati deside retire tout polisye ki tap bay Claude Jodeph sekirite epi mande ansyen premye minis la pou remèt machin enstitisyon an ki nan menl,yon desizyon ke enterese a kalifye ilegal e de kraponaj politik lè tout ansyen PM yo gen polisye ki afekte a sèvis sekirite yo.
Tweet media one
31
10
30
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
1 year
Komisè Gouvenman Gonayiv la mèt Gazius Serard pwofite de absans Jij ki sou dosye a a libere chef Gang kokorat san Ras la Williams Raymond selon @radio_reference kap emèt depi site endepandans la. La jistis te deja kondane bandi a ( par contumace) pou zak kidnapping.
Tweet media one
14
9
28
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
4 months
Gwo tansyon nan komin Petyonvil ak plizyè lòt katye ki anviwone li yo, bandi sanfwa ni lwa ap fè e defèt, La polis ki te jwenn bourad popilasyon an te sou brenzeng yo depi maten mèkredi 20 mas la, rive bay nouvo chèf gang Bristou a “Makandal” amnisti ansanm ak plizyè lòt akolit
Tweet media one
4
0
28
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
2 years
Pierre Dieumedor Peter, se dapre Lapolis yon manb 400 mawozo ke yo arête ayè jedi 36 me a nan Mibalè pandanl tap chape poul li pou ale st domingue. Dieumedor ki se yon depòte peyi Etazini se li menm ki tap tradwi pou Lanmo 100 jou,lè yo te kinnape misyonè Ameriken yo
Tweet media one
42
13
29
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
3 years
Patriyòt #Delane21 - 2428 moun vote Doktè @claudejoseph03 ki te pi byen reprezante ak defann enterè peyi a pou ane 2021 an.
Tweet media one
1
2
27
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
1 year
La polis nan peyi Dominiken anonse yo arete jounen lendi 20 fevriye 2023 a Geraldo Brutus youn nan prezime bandi Savien ki ta enplike nan touye 6 polisye nan Lyankou depatman latibonit jou ki te 25 Janvye pase la, Geraldo ki pat gen okenn papye sou li ki ta pèmèt li rete kay
Tweet media one
8
3
27
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
2 years
Nan reyinion nasyon zini tanmen jodya sou Ayiti reprezantan peyi la Risi ak la Chin fè konnen ke gouvènman Ariel la pa ka rezoud kriz la, li pa gen oken lejitimite e ke eta manm loni yo ta dwe byen reflechi avan yo ta deside voye yon fòs nan peyi a pou pa agrave kriz la pi plis
Tweet media one
5
4
28
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
5 months
Gwo panik o zalantou aewopò Toussaint Louvèti a nan fen jounen 4 mas la, anpil katouch ap tire moun ap kouri monte desann, sòlda lame Dayiti yo an aksyon. Nap souliye pou ou tout vòl avyon ki abitye soti a letranje pou ateri Pòtoprens sispann akoz de gwo tansyon ki gen nan
Tweet media one
Tweet media two
7
3
27
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
2 months
Ayè madi 11 jen 2024 la yon detachman BLTS ki tap opere nan vil Kap Ayisyen , komin katye Morrin rive sezi sezi 2 kivèt ble ki te gen ladan yo plizyè chajè, plis plizyè bwat katouch ak zam ki soti nan peyi Etazini pou antre Ayti. Jean Guillaume Joseph se sitwayen sa ki te pwal
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
19
7
26
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
1 year
🚨S.O.S S.O.S Plizè katye nan komin Petyon Vil tankou Meyòt, Dyèg, Nèrèt elatriye, anba gwo panik pandan jounen 18 mas la, e jis aswè a la kote anpil kout zam ap chante, plizyè mesaj odyo ak ekri ap sikile sou nèt la kote kèk sitwayen kap viv moman nwa sa ap mande konkou
4
3
26
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
2 years
Mesye Ederson Benjamin Sylvestre ki se direktè operasyon H.A.T enterprise ekri Direktè aewopò potoprens la Yves Ducatmel François pou fèl konnen ke fòs lame peyi Kanada kontakte li pou mande yo asistans nan avyon militè ki pral ateri soti 15 pou rive 19 Oktòb nan aewopò a
Tweet media one
4
2
24
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
1 year
Daprè sa moun Cayes Jacmel fè konnen, majistra enterimè a Michel Louis Jean lage pyel al Ozetazini nan pwogram @JoeBiden lan. Li sanble pote yon kès babankou pou moun ki te ranpli pou li a oubyen pou Prezidan Biden 😂 #Tripotaylakay
Tweet media one
6
11
24
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
3 years
La kou dapèl òdone jodi lendi 29 Novanm nan liberasyon Ansyen depite Delma/ Taba a Arnel Belizaire ansanm ak tout lòt moun ki te jwen arestasyon ansanm avèk li 2 lane de sa sou akizasyon konplo kont leta posesyon zam ilegal
Tweet media one
8
3
23
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
9 months
Dapre rapò nasyon zini an ansyen prezidan Michel Martelly te sèvi ak Gang yo pou l kapab etann pouvwa li nan tout peyi a sitou atravè katye defavorize yo. Reynold Deep te finanse mouvman peyi lòk la kont prezidan Jovenel, ansyen depite Victor Prohane gen koneksyon ak gang “gran
Tweet media one
6
7
22
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
21 days
🔴Lapolis arete " Marcelin Myrthil" ke anpil moun konnen sou non (Arab la) maten an nan Delmas 43, jounen dimanch 7 jiyè 2024 la.Nap souliye pou ou ke Arab te pami moun ki te sove nan prizon Penitansye Nasyonal 3 mas dènye a.
Tweet media one
Tweet media two
6
5
21
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
3 years
“Gang ame yo antoure nou,nou tout prizonye…Mr Premye minis tout moun ap soufri… Yap vyole pitit fi nou yo tout kote yo pase…ba nou yon cha daso 2 vehikil daso yon elikoptè konba,nan 2 semèn nap mete yon bout ak dezòd sa” Diskou Majò Eddy Marcelin FADH jounen 18 Novanm 2021 an
Tweet media one
6
4
21
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
2 years
Mouche Drew Tipton se jij federal sa ki pral tranche sou pwogram pawòl prezidan Ameriken an Joe Biden nan apre ofisyèl 20 eta repibliken di pwogram nan ilegal. Jij federal sa te nome pa ansyen prezidan Trump e li deja bloke plizyè desizyon Biden te pran nan kesyon imigrasyon
Tweet media one
8
7
21
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
1 year
ULCC nan dènye rapò li soti revele ke ansyen Senatè Youri Latortue lè li te prezidan sena a siyen yon kontra sou non manmanl Carmèn Immacula Cantave pou 350 mil goud pa mwa, yo jwenn 9 chèk ki te soti sou non manman ansyen prezidan komisyon etik sena a 8 te depoze sou kont bank
Tweet media one
8
15
19
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
1 year
Yon jou apre 3 polisye ta pèdi la vi yo anba bal gang Carlo Petithome alyas “Ti makak” ap dirije a, plizyè inite nan polis la ki depi yè ap mennen yon operasyon nan zòn Thomassin rive vide atè plizyè bandi epi sezi plizyè zam otomatik selon divès sous, pou kounya poko gen yon
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
1
4
18
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
3 years
Blofè #Delane21 - 2211 moun vote @avokapepla kòm Blofè pou ane 2021 an.
Tweet media one
3
4
19
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
10 months
Marc Antoine Acra, Carl Braun (PDG UNIBANK) ak Jean-Marie Vorbe (PDG SOGENER) se 3 biznisman Ayisyen sa yo gouvènman Kanadyen an mete sou lis sanksyon pou koripsyon ak moun k ap finanse vyolans an Ayiti.
Tweet media one
5
1
18
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
1 year
Òm dafè Rodolphe Jaar plede koupab jodi vandredi 24 Mas la nan lanmò Prezidan Jovenel Moïse la. Jaar di li te bay lajan pou achte zam,bay manje epi peye kay pou mèsene yo. Li admèt tou li te peye ajan USGPN yo kòb pou retire kò yo nan kay la lè kòmando yo rive, apre ave sa, li
Tweet media one
2
7
18
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
5 months
Anyen poko klè sou retou PM defakto a Ariel Henry nan lakou peyi Dayiti, gen nouvèl ki fè kwè ke gouvènman an te lwe yon avyon prive pou mennen Ariel ak staff li a tounen Pòtoprens aswè lendi 4 mas la, akoz atak bandi ame mennen jodya ankò o zalentou aewopò a konpayi avyon an
Tweet media one
3
4
18
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
7 months
Lapolis nan Mibalè nan tèt kote ak pakè zòn sa, mete anba kòd 3 jènn gason Jodi Vandredi 29 desanm 2023 a ki tap transpòte anviwon 10 mil katouch sòti St Doming pou antre nan Peyi dAyiti . Katouch sa yo ki pou zam divès kalib te kache anba plizè kès poul dèyè yon pikòp ki te nan
Tweet media one
Tweet media two
8
8
16
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
2 years
Peyi kanada anonse ke li pran sanksyon kont Gilbert Bigio, Reynol Deeb e Sherif Abdallah ki se 3 manm sektè prive Ayisyen an, paske mesye sa yo ta enplike nan dosye gang , kowipsyon ak blanchi lajan. Tout byen nèg sa yo genyen nan Kanada pra l bloke.
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
5
3
18
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
1 year
"Mwen wè lanmò an fas..." Se deklarasyon ansyen senatè Carl Murat Cantave, fè pou pale de sitiyasyon li viv apre nèg ame te fin atake kay li nan Taba 70 nan lannwit vandredi 10 jen an , bandi yo piye kay la mete dife epi pati ak 2 machin. Se gras ak yon blende lapolis ke ansyen
Tweet media one
15
6
18
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
5 months
Direktris imigrasyon Zile “ Turks and Caicos Islands" fè konpayi avyon yo konnen PM defakto Ayisyen an Ariel Henry sou lis moun ki pa gen dwa antre nan peyi sa. Se dezyèm peyi nan karayib la ki pwan yon desizyon konsa aprè St Doming te fin deklare PM nan personna non grata nan
Tweet media one
Tweet media two
7
6
18
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
4 months
Chéf gang delmas 95 lan, Ernst Julmé alyas Ti Greg tonbe anba bal lapolis jodi jeudi 21 Mas 2024 la, nan zòn delmas 95. Nap raple ke Ti greg se yon asyen polisye ki te transfòme tèt li an gang te jwenn arestasyon nan lane 2021 pou zak malonèt li te komèt sou divès moun, li te
Tweet media one
2
2
17
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
1 year
Nan kad chas kap fèt kont bandi nan jou sa yo, popilasyon lestè a akonpaye avèk la polis anvayi baz kokorat San ras la jounen jedi 27 Avril 2023 a,nan lokalite Jwanis nan komin lestè, plizyè kay ki ta pou bandi pase anba dife, gang yo ta mete van nan vwèl yo., popilasyon an jwenn
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
0
2
16
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
8 months
Selon avoka Guy Philipe la Me Louicher Jean Joseph, Guy ap ateri Ayiti jodi Jedi 30 Novanm 2023 a.
Tweet media one
0
1
17
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
5 months
Nan yon kominike nimewo 2 ki soti jodi jedi 7 mas la La primati anonse pèp la ke Kouvre fe a pwolonje pou yon mwa sou tout depatman lwès la soti 7 mas pou rive 3 avril de 8è di swa pou 5è di maten yon sourit pa dwe gouye nan lakou pòtoprens, desizyon sa pran pou lòd ka etabli e
Tweet media one
16
2
16
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
3 years
Dapre responsab Christian Aid Ministries yo 12 rès misyonè ki te nan men gang 400 mawozo yo se sove yo sove nan men bandi yo,yo leve nan mitan nwit yo swiv direksyon Bondye ba yo,pran direksyon yon mòn mache nan raje jis yo jwen yon moun ki ba yo fè yon apèl pou fè vin chache yo
Tweet media one
11
5
17
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
1 year
Otorite la jistis yo revoke Komisè gouvènman Gonayiv la mèt Sérard Gazius, mwens ke 24è de tan aprè Radyo Référence te fin revele ke Komisè a libere chèf gang “Kokorat San ras” la Williams Raymond ki te nan prizon pou kidnaping ak asosiyasyon malfektè. Se mèt Moïse Deristin
Tweet media one
6
4
16
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
1 month
Normil Rameau se nouvo DGPNH la li Ranplase Frantz Elbe ki trè kritike pou bilan li nan tèt polis la. Nouvo chèf polis la ki te deja okipe pòs sa ki te Washington kotel te twouvel pou antre Ayiti.
Tweet media one
4
1
16
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
3 years
Mèt Newton St juste ekri New York Times sou atik jounalis @Abihabib te ekri sou asasina Prezidan Jovenel la ki titre“ Le president D’Haiti tenait une liste de trafiquants de drogue” Avoka wè nan atik sa yon divèsyon pou pa jwenn vrè koupab yo e kesyone vrè entansyon jounalis la
Tweet media one
Tweet media two
5
1
15
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
1 year
Remy Amos se non yon prezime bandi manm 400 mawozo ke lapolis anonse ki tonbe jodi lendi 20 fevriye nan Bon repo pandan echanj kout zam avèk yo, prezime malfra a te gen nan men li yon pistolè avèk 6 katouch ansanm avèk yon kouto, bandi a dapre PNH te gen abitid ransonen ti
Tweet media one
Tweet media two
1
4
15
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
2 years
Joseph Felix Badio fwa sa ekri anbasad Ameriken pou fè konnen ke li fè 2 rekèt bay jij ki sou dosye asasina Prezidan Jovenel la pami yo pou yo metel fas a fas avèk Martine Moïse, Leon Charles, Rockefeller Vincent Pierre Esperance, Gary Pierre Paul Charles Lucko Desir Esaüe Cesar
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
Tweet media four
3
8
15
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
2 years
1M Followers on Facebook! Mèsi tout moun ! @tripotaylakay
Tweet media one
2
2
14
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
3 years
La première dame est toujours en vie! via @tripotaylakay
0
3
15
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
1 year
Apre la polis te fin aretel sou akizasyon li ta pral jwe nan vilaj de Dye Kernizan Nickenson alyas Bourik de Latalay jwenn liberasyonl jodi mèkredi 9 Dawout la. 5 lòt jèn gason ki te akonpaye bourik la libere tou, la jistis di pa gen okenn chaj kont yo ki ta pèmèt yo rete nan
Tweet media one
Tweet media two
1
0
14
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
1 year
Nan mwens ke yon semèn Plizyè ajan (ULCC) fè yon desant de lye nan lokal (SNGRS) nan kad ankèt yap mennen swit ak denonsiyasyon kita fè kwè plizyè materyèl bwat sa ta fè wout kwochi, gwo responsab enstitisyon an ki te prezan te mete van nan vwèl yo nan moman ajan yo tap antre
Tweet media one
3
2
14
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
2 years
Imigrasyon Dominikèn fenk depòte komedyen Mathias Dandor
Tweet media one
Tweet media two
4
1
14
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
10 months
Gouvènman Ayisyen an ansanm ak gouvènman peyi Kenya mete deyò yon kominike tèt kole ki pote dat 20 septanm 2023 pou anonse ke 2 peyi yo deside etabli relasyon diplomatik a pati dat kominike a siyen an, e youn pral voye anbasadè lakay lòt pou reprezante yo.
Tweet media one
6
3
14
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
10 months
Jodi madi 26 septanm nan popilasyon an nan Sodo ak Mibalè mete ansanm ak lapolis rive mete dòmi nan je 8 prezime bandi ki ta soti Kanaran ki anvayi zòn nan depi vandredi kote 11 moun deja mouri, yon operasyon ki tap kontinye jis nan fen jounen an, ajan inite SWAT, BRI ak plizyè
Tweet media one
0
3
14
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
11 months
Popilasyon an nan Delma 31 pase a lenfinitif epi boule kadav 3 endividi ke yo akize tap eseye fè yon kidnapping jodi samdi 2 septanm na. Prezime kidnapè yo tap sikile abò yon Pikòp ke yo te kouri abandone lòske yon patwouy lapolis tap rapousiv yo, youn nan prezime bandi yo te
Tweet media one
Tweet media two
0
4
14
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
2 months
Flash ! Premye minis nome, Gary Conille deja rive Villa D’acceuil kote yo pwal remèt li yon kopi Anpliyasyon Arete ki nomel kòm premye minis
1
3
13
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
1 month
Premye minis Garry Conille vizite maten mèkredi 26 jen an polisye kenyan yo nan baz yo nan Taba. Pandan vvizit sila a PM nan ki te gen avèk li DG polis la Normil Rameau minis jistis la Carlos Hercule ansanm ak chèf Delegasyon Kenya a, Anbasadris Monica Juma deklare ke: Leta pral
Tweet media one
1
1
13
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
1 year
Moun nan Malik yon lokalite ki twouvel nan komin Petyon vil pase yon move moman jodi vandredi 17 mas la apre selon plizyè sous, “Gwoup kraze baryè” ki ap dirije pa Vitelhome Innocent debake tire nan tout sans epi boule plizyè machin, malfra yo ki tap sikile abò yon machin ta
Tweet media one
Tweet media two
1
3
13
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
5 months
Yon avyon ki te gen abò li premye minis de fakto a Ariel Henry ateri nan lakou Pòtorico jodi madi 5 MAs la dapre sa pòt pawòl gouvènè peyi sa Sheila Angleró Mojica fè medya Ameriken CNN konnen, madanm nan di li pa gen twòp detay men ajan federal CBP yo òganis ki veye sou fwontyè
Tweet media one
Tweet media two
1
0
13
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
1 year
Mezanmi sa merite bat bravo📷 📷 ! Ansyen senatè Edo Zenny lanse “Gare Du Sud” byen modènize, nan lide pou amelyore kondisyon transpò pasaje nan Sid peyi a. via @YouTube
1
0
13
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
2 years
Prezidan ikrèn nan Volodymyr Zelenskyy siyen yon dekrè ki retire tout baryè ki te gen sou viza pou etranje yon fason pou pèmèt nenpòt sitwayen lòt peyi Ki ta vle vin ede yo goumen kont Lawisi antre lib e libè nan lakou Ikrèn #TripotayLakay
Tweet media one
7
1
13
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
1 year
Ajan federal ameriken arete jodi madi, 14 fevriye a, Tony Intriago pwopriyetè CTU yon konpayi sekirite nan Florida ki ta gen rapò ak asasina prezidan ayisyen an, Jovenel Moise Yo arete tou patnè biznis Intriago a, Arcangel Pretel, ak yon konsiltan finansye, Walter Veintemilla nan
Tweet media one
0
3
13
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
2 years
Manje Ayisyen klase 57èm pami 95 manje ki pi gou nan mond la dapre yon klasman “Tasteatlasaward”yon sit ki espesyalizel nan kesyon kwizin ke jounalis peyi Kowasy Matija Babić fonde an 2015, sit la site legim griyo pate kòde kòm egzanp, Itali vin an tèt, St Doming pa asiste tiraj.
Tweet media one
6
2
10
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
8 months
Aprèl fin pase 3 jou nan DCPJ Guy Philipe libere jodya, Nap raplew ke ansyen eli Grandans la ki te menen yon mouvman ame pou te kapote pouvwa Lavalas la an 2004 antre nan peyi a 30 Novanm 2023 a, aprel te fin pase plizyè ane nan yon prizon Etazini pou trafik dwòg kotel te plede
Tweet media one
0
2
13
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
2 years
Alòske li kouri kite Ayiti pou fenomèn ensekirite a Doktè Roberto Peigne ki te yon chirijyen mouri anba bal mèkredi swa nan pò ste Lucie peyi Etazini pandan li tap fè yon ti djòb delivre manje kay moun,viktim nan dapre madanm li te sou wout pou li entegre chan medikal ameriken an
Tweet media one
Tweet media two
6
7
13
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
5 months
Otorite aviasyon nan peyi St Doming pran desizyon jodi Madi 5 mas la kanpe sou tout trafik ayeryen ant Dominikani avèk Ayiti akoz vyolans. Yon desyzyon ki vini pandan gen nouvèl ki fè konnen ke minis jistis la Emmlie Prohete te soti peyi La frans abò yon vòl Air Caraïbes pou
Tweet media one
0
1
12
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
5 months
🚨🚨 Youn di lòt ! Guerrier Henri, animatè vedèt emisyon @boukantelapawol la pèdi paspòl Santo Domingo, moun ki ta jwenn li, tanpri kontaktel pa WhatsApp 37118734 oubyen 8093943022, 8099193000. Mèsi !
Tweet media one
9
5
12
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
1 year
kèk tan aprè li te fin nome kòm nouvo komisè gouvènman vil Gonayiv jodi madi 9 me 2023 a, mèt Moise Deristin jwenn revokasyon li la pou la Aprel te fin jwenn yon lèt de minis jistis la Emilie Prophète ki anonsel li tounen sou desizyon li te pran pou te nomel nan tèt pakè a, nap
Tweet media one
0
4
12
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
3 years
Mèsi a tout followers yo sou paj @tripotaylakay sou facebook! 💪 e a tout sa ki kontinye ap antre nan fanmi an. Anpil lanmou pou nou! 💙❤️!
1
0
12
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
1 year
PNH mete Dwòn an lè kap siyonnen village de Dieu ak Savann pistach
Tweet media one
4
2
11
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
11 months
Rankont ant gouvènman Ayisyen e Dominiken ki tanmen mèkredi 13 Dawout la pou twouve yon solisyon ak konfli kanal rivyè Masak la ap rapousiv jedi 14 la, selon sa jounal Dominiken @ListinDiario rapòte sou paj Facebook li. An atandan Wanament toujou kanpe an “KPK” : Kanal Pap Kanpe
Tweet media one
0
4
12
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
8 months
Lapolis arete Stephanie Mondestin maten jedi 23 Novanm nan nan Ayewopò mayi gate pandan ansyen direktris an apre ONA tap tante jetel nan peyi Sendomeng ak tout yon pitit li. Nap raplew chèf pakè Pòtoprens lan te gen poul tande Stephanie lendi 27 novanm kap vini la sou rapò ULCC a
Tweet media one
2
2
12
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
5 months
Bandi ame ki sanble pran pou sib PNH la mete dife nan Sou Komisarya mache Salomon an aswè mèkredi 6 mas 2024 la. Pou kounya popilasyon an kap viv ozalantou, Ri Chavannes Magloire Ambroise nan gwo kè sote daprè sa plizyè medya rapòte.
Tweet media one
1
1
12
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
1 month
Marie Janvier pierre Paul, ki se manman defen jounalis Liliane pierre Paul mouri jounen dimanch 23 Jen 2024 la,aprè l tap soufri ak yon frakti nan senti. lanmò madam Janvier ki te gen 95 rekòt kafe sou tèt li, rive nan mwens ke yon lane apre lanmò pitit fi Li.
Tweet media one
1
2
12
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
2 years
Mèt Newton st Juste denonse gwo konplo kap fèt pou leta remèt SOGENER santral Vareux epi peye 40 milyon dola vèt ak konpayi sa kòm domaj, youn nan moun ki ta dèyè konplo sa se direktè DGI a ki ekri PM Ariel pou dil ke avoka leta Ayisyen yo pat gen manda pou aji kont SOGENER
Tweet media one
3
6
12
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
4 months
RED EDE/ Compromis Historique deside chanje reprezantan yo te gen nan Konsèy prezidansyèl la, Yo chwazi Dominique Dupuy ki se reprezantan Ayiti nan UNESCO kote l te pran lapawòl semèn pase sou kriz la. Li ranplase ansyen Minis Marie Ghislaine Mompremier.
Tweet media one
0
1
12
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
1 year
Komisè gouvènman Pòtoprens la Jacques Lafontant ki sanble di li la pi rèd malgre CSPJ di li pa sètifye, ekri ULCC pou mandel mennen ankèt sou youn nan konseye CSPJ yo jij Nader Desir pou zafè kòripsyon, pami youn nan akizasyon chèf pakè a soulve kont konseye a se 120 mil dola vèt
Tweet media one
0
3
12
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
1 year
DCPJ anonse ke nan kad ankèt sou lanmò prezidan Jovenel Moïse la yo arete ayè madi 11 avril la nan Komin Delma Prevot Mozart ki te chofè ansyen senatè John Joël Joseph. endividi sa te gen yon manda damne dèyèl pou enplikazyonl prezime nan zak asasinay ansyen chèf leta a, nan fouy
Tweet media one
1
2
11
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
1 year
Gras ak Melchie Daelle Dumornay AKA Corventina ki make 2 gòl Haïti🇭🇹 bat Chili 2-1. seleksyon medam Ayisyèn nan jwenn biyè kalifikasyon pou koup di mond 2023 fanm yo ki pral dewoule nan peyi Ostrali ak Nouvèl zelann soti 20 jiyè pou rive 20 dawout ane sa.
Tweet media one
0
3
10
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
1 year
Jodi samdi 8 avril 2023 la plizyè inite polis Nasyonal la avèk seksyon materyèl lou PNH la te deplwaye nan Onavil yon zòn ki chita nan antre nò kapital la apre atak gang Kanaan te fè pou pran kontwòl zòn sa Moun te ka remake plizè manm popilasyon an ki te prezan bò kote la polis
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
Tweet media four
0
2
11
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
1 year
Nan moman PNH ki apiye pa mouvman “Bwa kale” a ap mennen yon batay kont bandi , peyi Kanada livre jodi lendi 8 me a 4 nouvo Blennde ke gouvènman Ayisyen an te kòmande pou la polis, sa ki fè yon total 12 sou 18 blennde ki sou teren an.
Tweet media one
0
5
11
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
1 year
Lajistis ak lapolis mete anba kòd Clervilus Hary kite vin òganize yon 3èm maryaj ak Mayette Juniola nan vil Sen Mak san li pa divòse jou ki te 28 mas 2023. E pastè Macène Nonnonbre ki tap selebre maryaj ki dapre otorite yo pa legal pou fè maryaj jwenn arestasyon tou. Papa 2 pitit
Tweet media one
Tweet media two
3
1
11
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
2 years
Ajan la dwann yo nan vil Pòdepè sezi jodi vandredi premye jiyè a yon gwo kantite katouch ki pou diferan kalib zam, kèk sous fè konnen ke otorite yo ta dekouvri yon santèn de kès minisyon nan 2 andwa diferan. Plis detay ap vini pi devan #TripotayLakay
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
Tweet media four
0
2
11
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
2 years
Kanada konfime nan yon kominike jodi madi 20 desanm nan ke yo sanksyone ansyen minis enteryè Litz Quitel ansanm Bertho Dorcé ansyen minis jistis Peyi Dayiti paske yo ta mare sosis yo ak gang, epi yo ta melanje nan blanchiman lajan sal.
Tweet media one
3
4
11
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
3 years
Dapre Washington post ki site pawòl chèf polis peyi Jamayik la Stephanie Lindsay, yo arete John Joel Joseph ansanm avèk plizyè lòt moun ki te avèk li,pou kounya yap gade si moun sa yo se fanmi fijitif la yo ye,la polis pou plizyè rezon dapre responsab la pap ka bay plis detay.
Tweet media one
2
1
10
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
9 years
@roodyroodboy well said! Menm sa ki ap pran poz ennmi w yo, bat bravo pou Ou an kachèt
0
1
10
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
2 years
Prezidan kolonbyen an Gustavo Petro mande peyi Dayiti padon paske se mèsenè peyi lakay li la kolonby ki te antre vin asasinen prezidan peyi Dayiti a Jovenel Moïse, dapre yon tweet li lage sou kont Twitter li jodi mèkredi 21 Septanm nan #TripotayLakay
Tweet media one
1
1
10
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
6 months
Nan kad mobilizasyon ki tanmen nan plizyè zòn nan peyi a pou chavire pouvwa defakto Ariel Henry a, ansyen senatè Moïse Jean charles te foule beton an nan Pòtoprens avèk plizyè manifestan ki tap rele chalbari dèyè PM nan, rive devan Primati polisye ki te kadriye zòn sa te voye
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
2
1
11
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
1 year
La polis nan eta florid peyi Etazini mete anba kòd jedi maten bonè komedyen B.E.T bon non li Jean René Seac paske li tap kondwi pandanl te anba gwòg li 🥃.selon jounal @Lefloridiennews BET ki sanble moun ki te fin bwè yon move kleren St Michel, te sou tankou yon pipirit rive
Tweet media one
4
2
10
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
2 years
Pastè Lochard Remy jwenn liberasyon li aswè samdi 26 Fevriye a apre 22 jou li sot pase anba men bandi ki te kidnapel yo. Fanmi pastè a ta vèse 3 ranson bay kidnapè yo pou te libere li. Enfòmasyon yo fè konnen ke fizikman pastè Lochard trè afebli Sous: @Radio_Metronome
Tweet media one
0
0
11
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
5 months
Nouvèl la konfime, bandi ame jouk nan dan atake Peniyansye Nasyonal aswè samdi 2 mas la, plizyè prizonye gentan lage pye yo pami yo anpil gwo bandi popilasyon an konnen tankou bout janjan Djouma e latriye dapre videyo ki ap sikile sou rezo yo. @synapoha ki se sendika Nasyonal
Tweet media one
1
3
10
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
2 years
Joseph Felix Badio youn nan prensipal sispèk nan lanmò Prezidan jovenel ki mawon lajistis voye papye tenbre bay Lucko Desir, Esaüe Cesar Gary Pierre Paul charles Pierre Esperance pou ba yo yon jou won pou retire tout pawol yo te di sou li ki ta melel nan lanmò prezidan Jovenel.
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
Tweet media four
11
6
11
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
1 year
Jij Matthel Jean Claude òdone pou yo arete epi mete nan prizon sivil Pòtoprens la dirijan “ AAA” Youri Latorture ansanm ak Joseph Lambert pou zafè kòripsyon dapre yon òdonans li pran jou ki te 19 jen an e ki al jwenn pakè Pòtoprens ki li menm dwe mete 2 mesye yo o kouran. 2
Tweet media one
Tweet media two
2
3
10
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
5 months
Nan yon kominike de près yo fè soti jodi samdi 24 Fevriye 2024 la “USA Rice” ki se reprezantan endistri diri Ameriken an Nan mond la reaji sou etid Inivèsite Michigan peyi Etazini te reyalize nan lane 2020 sou kalite diri Ameriken ki rive an Ayiti ke yo di ki pa de kalite,ki ka
Tweet media one
9
4
11
@tripotaylakay
Tripotay Lakay
1 year
Majistra enterimè komin Monwi a Blaise Élisée jwenn arestasyonl nan komin St Mark jodi madi 11 jiyè a 2023 a aprè Jij enstriksyon Beauplan te envitel nan kad dosye asasina Mèt André Charleus. Mèt harleus te jwen lanmò li jou kite 12 Avril 2023 a apre plizyè malfwa te rache epi
Tweet media one
Tweet media two
2
4
11