Nan je’w m wè raj, kouraj. M’ wè tout fanm ki pa gen vwa pou denonse, m wè sa’k vle denonse men pè konsekans akoz de sitiyasyon ekonomik yo. M wè yon fanm ki tout espwa’l se sou yon nèg kap sabote’l, men ki nan kòve pou pote kichòy ba’l manje. M wè pèn, repinyas, ou bouke.
#KPF