TI KOZE AK TT Profile Banner
TI KOZE AK TT Profile
TI KOZE AK TT

@tikozeaktt1

Followers
12,027
Following
442
Media
1,043
Statuses
2,985

Journaliste, Rédacteur, présentateur vedette de TI KOZE AK TT, Formateur en Prévention Routière.

United States
Joined January 2020
Don't wanna be here? Send us removal request.
Explore trending content on Musk Viewer
Pinned Tweet
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Lè m byen li anpil dirijan politik Ayiti, m remake anpil ap tante bay yon diskou Goch, genyen k ap tante Dwat, genyen ki ta sant Goch, gen lòt ki ta sant Dwat. Men boutofen, se yon dal moun DWATEGÒCH. Yo san pozisyon, yo pa kenbe yon liy dwat vre. TT
81
21
301
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Fòs lòd pa ka nan deloje bandi… Lè w deloje yo la, yo pwal reloje yon lòt kote… Ils doivent être mortellement blessés. @tikozeaktt1
46
22
419
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Kite m raple nou pa gen fòm kontrakte ak apostwòf jan nou kwè li a nan lang Kreyòl la. Avan w kouri di m pa konn ekri l, se ou ki merite amelyore. Egzanp: Mwen = M se pa M’. M ale se pa M’ale… Sonje nou gen Akademi Kreyòl kounye a, mèsi. Ekri li = Ekri l… @tikozeaktt1
43
15
400
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Pa sezi kounye a si n wè Izolan vin defann baz 257, pa sezi si n tande nèg nan medya Ayiti vin di nou baz 257 se zafè moun Legliz ak Bib ! Pa sezi paske se yon Peyi difisil. Men yon jou n a konprann ! M ap raple nou ankò PA JANM PLEDE POU PÈSONN paske Lari a pyeje, li frajil… TT
32
21
374
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Komisè Séïde, CBIM, anpil respè pou ou. Toutfwa kontinye jere tèt ou paske kriminèl yo vin pi move. M ap gade videyo a la a, Chapo pou ou. Anvan ranfò rive, Komisè a vide gason atè san ezite yèswa nan Tomasen… Plis detay pita nan TI KOZE AK TT
39
18
364
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Aléandre, yon gwo bandi nan gang Vitelòm nan ki se bwa dwat chèf gang Patrice ki te konn dirije anba galèt, misye tonbe vandredi a. Aléandre di l pa pran nan bal, misye pran yon 12 li bay yon limena, li di l tire sou li. Manzè annik peze gachèt la baw bal la ateri nan tèt misye.
92
24
347
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Nou wè kòman sosyete a ap fini nan men nou, n ap viktim san konnen kikote kou yo ap soti. Remake m pale plis sou AIDE-LAZA poutan se Sexy ki fè plis moun sezi. Eben se la nou mele a Sexy nan gang Izo, afiche l lontan sa epi li pote manch long… Eske nou tande Sexy ankò ? Li Vilaj
61
28
327
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Jodi a koze Instagram, TikTok, FB vin gen plis jenn fanm sòt. Yo pa pran yon titan pou aprann anyen, yo jis ap poste toutouni tout jounen pou ap bouske lavi nan men nèg k ap chache yon kraze. Anpil jenn fanm sa yo, djòl sirèt menm yon dlo yo pa konn bouyi. Drive kò yo epi anyen.
37
20
307
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Yon lòt bò, m gen yon lòt merit wi sou rezo sosyal yo. M se yon jounalis Ayisyen ki bay jarèt ak ekriti Lang Kreyòl la. M remake depi kèk tan la a gen anpil moun ki tanmen ekri Kreyòl la pi byen pase jan yo te konn ap lage avan. Bravo pou sa epi yo di m ede yo… @tikozeaktt1
18
13
284
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Sexi tonbe anba bal depi avan 7:00 maten an, aktyelman li 5:00 aprè midi kadav li toujou atè a… Finalman yon jij pè vini pou ta fè leve kadav la… Kote fanmi jenn lan ? Poukisa se konsa ? Sispann ak ipokrizi a ok. Ayiti difisil tout bon wi… @tikozeaktt1
88
16
286
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Sa k pase DJ Valmix la a se yon bon egzanp wi pou tout lòt atis, responsab aktivite, pwomotè… Souvan Ayisyen pa respekte angajman yo. Bravo ak moun nan Sid ki fè yo fouke Valmix, aprè antant yo rive libere l akoz li pa t onore plizyè kontra li te genyen pou al jwe. Kounye a li
19
15
278
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Komisè Miskaden fenk ouvè yon lopital pou ti mesye yo ki boule yo. Si yon moun gen kontak Bèl Boss, ba li nouvèl la pou mwen soupleee.. Swen gratis ti cheri… “Hôpital Communautaire de Muscadin”. Direksyon Depatman Nip tèt dwat ! @tikozeaktt1
24
9
280
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Frantz Elbé finalman sou wout pou l pèdi pòs li kòm chèf Polis la. Konsiltasyon ap fèt pou ta jwenn yon nouvo chèf. Yo panse ak 2 ansyen DG pou yonn ladan yo ta retounen… Rete branche ! @tikozeaktt1
61
13
268
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Jenn gason m wè yo arete Miragwàn lan, bon jan m ap gade misye la a sa a ka bandi ! Eske nou gen endis li se bandi vre oubyen se akoz li soti Pènye a ? M pa konprann jan komisè polis la ap pale a ! Yon bandi t ap desann konsa nan vil Muscadin an? Mesye n ap kraze Polis la nèt wi.
57
15
262
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Pou n fasilite tout moun ki gen bon volonte patisipe pou n ka ale pi vit sitou moun ki Canada, France yo ki t ap plenyen. Nou kapab ale la a sou lyen sa a paske pou kalite travay Komisè Miskaden an li bezwen mwayen deplasman. Mwen deja pale ak Edo pou
23
64
264
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Mesye sa poko janm rive nou gen yon bèl fanm ou renmen ou anvi rive sou li men w pè rive poutan li menm tou li te anvi w rive sou li ? Se tann li t ap tann pou te fè Premye pa a. Kidonk mesye kite kè nou, chans nou gide nou. Pa janm pè afwonte, kwè nan tèt nou, pa kite w entimide
23
18
256
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Kokorat yo di yo fè lapè se pou yo ka vòlò plis wi, nèg Matisan yo detounen yon dividal machin soti yè pou rive jodi a. Yo pran chofè mare yo, antre ak kamyon nan baz yo al debake luil, diri, pwa etc. Se yon lapè pou yo ka vòlò pi byen paske pi fò machin pat travèse. @tikozeaktt1
36
38
257
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Malgre FIFA te sanse bay Ayiti dwa retransmèt match yo gratis, ta sanble gen menas la pou ta sispann dwa restransmisyon match yo sou Ayiti akoz li ta dwe peye yon sòm 2.5 milyon dola. Eske nou konnen lajan sa te kapab bay PNH ou FAd’H 2 elikoptè konba pou kanpe anfas gang yo ?
55
24
248
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Plizyè polisye an kòlè atake kay Premye minis la Ariel Henry, Emancipation FM, 90.7 sinyale sa. Bagay yo sanble anvi melanje wi la a… N ap suiv… @tikozeaktt1
31
26
245
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Chèf For Life se non yon prezime bandi ki ta fè pati yon gang nan Pòtoprens. Misye blese anba bal, li te gen randevou pou ale pran swen nan yon lopital nan Sid Peyi a. Komisè Miskaden te gen antèn sou li depi Pòtoprens, lè l rive nan lokalite Bèken (Miragwàn). Komisè a ki te pare
14
13
246
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
1 year
Sa sipoze dènye batay istorik pou delivre Pèp Ayisyen anba tout gang ak zam k ap teworize nou. Leve kanpe nan tout ti kwen. Kanapevè te lanse mesaj la, li rive sou nou… Ann kenbe ak bon Polisye epi n ap gen pou n pase pran tout Polisye ki nan gang yo. Se pi bon moman pou n
20
18
244
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Mwen di l m kanpe dèyè l, emisyon TI KOZE AK TT, se pou Pèp la, medya yo pa tribinal, jounalis yo dwe sispann nan bay espas pou politisyen vin ap tante defann tèt yo aprè sanksyon ki pran kont yo. Si gen yon bagay yo vle defann yo dwe pran Chemen TRIBINAL, Jistis ! @tikozeaktt1
33
26
249
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Podyab Ayiti ! Menm jou yo arete Tichef la te gen yon galil nan machin lan, alye l gentan pran l. Kounye lapolis di yo pa jwenn anyen lakay li, se tankou ou arete Izo epi 2 jou aprè ou al fouye lakay li ou pa jwenn menm yon epeng titèt. Solisyon Ayiti pa pou jodi a. @tikozeaktt1
27
12
240
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Pandan m ap pale la a chèf gang Vitelòm an feblès. Si Pèp la kontinye kanpe bò kote vrè polisye yo anpil bandi ap tonbe. Moun Malik fè yon kou wi sanble… Rete branche… Chèf gang lan mande anraje aktyèlman, li touye moun jis pou montre li fò, se pa vre ! Se sitirans Leta ki fè
23
13
236
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Lè m ap gade yon jenn sou rezo yo ki rele Dave epi yon lòt ki rele Tchoupouli, m di tèt mwen pouki rezon yon jenn Ayiti oblije antre nan gang ? Nou se yon jenerasyon ki gen anpil chans, nou plen talan epi nou jwenn teknoloji a. Nou twò rich pou n pòv, nou jis PARESE !
19
9
233
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Depi yo akize ou sanksyone nèg isi premye kote pou yo ale pou al radote, se nan radyo Caraïbes. Ann plis itil sosyete a pou 2023 souple. Medya yo pa tribinal, yo akize w konstitiye kabinè avoka w pou defann ou. N ap bwouye oditwa, se pa posib… @tikozeaktt1
20
12
224
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Apam tande se Lambert ki t ap kondui… Tann mwen, gen koze wi… Tande, se fo fim… M ap vini ! Lambert dwe pale ak Peyi a, se yon livrezon daprè sa m tande… Rete branche. TT
28
12
223
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Pierre Espérance se yon tou pisan nan sistèm Jistis Ayisyen an. Misye fè trete dosye li vle epi bloke dosye li vle. Eske nou te konnen yon moun pap ka DG Polis san aval Pierre Espérance? Se nan dosye Sherlson Sanon an m ap dekouvri tout pouvwa Pierre genyen nan Peyi a wi, adjee !
52
12
223
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Si videyo m ap gade sou Lafito a vre tout bon konnen kite l mache. Jistis pou Pèp la. Plizyè lòt ankò pou gen pran dife gwo jounen. Izo ak Jeff ki te dwe la… Si se vre kite l mache ok sa pa deranje Repiblik la… Dife Dife Dife nan kan yo ! @tikozeaktt1
29
12
223
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Yon patwouy polisye arete yon sitwayen maten an anba Mòn Kabrit ki t ap transpòte yon kantite katouch. Misye te gen anpil lajan nan machin li tou, lè polisye yo ap tcheke sou misye yo wè se yon Polisye, tande wi li se yon Enspektè Divizyonè ki se Wakin. Rete branche… TT
25
31
217
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Enfòmasyon fè kwè CONATEL ta mande Leta pou pa kite pwojè STARLINK lan ateri sou Ayiti ki se konpanyi Elon lan ki vize bay pi bon sèvis entènèt sou Ayiti. Si se vrè sa pwouve nèg isi mechan anpil epi yo se kansè pou Pèp Ayisyen an. Yo vle souse nou…Yo pa vle anyen pi bon pou nou
32
28
213
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Jou DCPJ deside fè yon travay tout bon vre, n ap sezi wè kote ki gen plis bandi ak sipòtè bandi se nan HMI la epi PRÈS Ayisyen an. Chaje atis ki nan gang menm jan chaje jounalis, animatè ki nan gang. Ayiti se yon Peyi ki depase difisil wi. Jou nou deside pwòpte Peyi a, n ap sezi.
19
21
210
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
1 year
N ap mande moun k ap viv nan vil pwovens yo pou rete vijilan sitou moun ki nan Gran Sid yo, espesyalman rejyon Nip, Grandans… Moun Leyogàn tou, Lagonav… Anpil ti sòlda nan 5 segonn pa vle rete mouri anndan Vilaj, y ap tante lage pye yo ! Dife nan kan yo: Pou Premyè fwa boul
16
9
217
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
1 year
Mesaj pou jounalis medya an liy yo, fè anpil atansyon nan moman sa a. Evite pran imaj ajan PNH oubyen pou n lokalize Cha PNH nan moman ajan yo ap mennen operasyon yo ! PNH devan, Pèp la dèyè. Sonje m te pale nou, pataje l ak yo pou yo sonje sa. Bwa Kale ! Paralèlman n ap mande
9
33
211
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Mwen finalman konfime pwojè Biden lan ap mache. M pa konnen kòman sa ap ye aprè men depi moun Ayiti a dispo pou l reponn mesaj yo ekri l aprè moun USA fin aplike pou li mwens 2 semenn l ap otorize. Toutfwa nou bezwen kat vaksen nou. Mèsi anpil… @tikozeaktt1
8
18
214
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Gadon w sezisman ! Pandan m ap ekri la a gen yon gang Ayisyen k ap fòme nan Indianapolis, espesyalman nan East. Ayisyen sa yo ki anvayi zòn sa sanble panse se Ayiti yo ye wi, nèg yo kenbe menm langaj Ayiti a pou yo fè kou sou moun. Ap gen zen wi, make tweet sa a! @tikozeaktt1
26
11
208
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Se travay sa a m deside fè ki panike tout Vagabon nan Peyi a. Yon bann chèf gang ap mache sou moun, epi lòt moun panse yo se bon moun, m ap detente yo, byen bonè maten an m gentan fè yon paj kouri al wete yon foto li te pibliye sou paj li loll anmweyyy. Gang pa dwe soumoun.
16
6
204
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Yon bann moun tonbe joure akoz m di yo HMI la chaje move je ladan l. Se yon HMI GANLEE. Yon jou n a konprann ! 2023 pap fasil menm pou tout gang k ap sèvi ak parapli atis nan HMI pou lapli DCPJ pa mouye yo. N ap kontinye detente yo, bann Vagabon! Ayiti fout bouke. @tikozeaktt1
10
12
195
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Mèsi Letènèl tout blofè ki te kont mwen yo finalman ap banm rezon paske yo dekouvri RNDDH se yon rezo ki la sèlman pou fabrike FO DOSYE sou moun depi lontan… Mèsi wi Senyè, mèsi… Apa m fout pran yo la a… Yo gen pou yo wè anba tout nèt, bann blofèèèè….Kidonk depi se pou kraze
34
12
199
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Jiskaprezan n ap pise nan lari, n ap Kaka nan sachè nwa voye nan Ravin, n ap manje fig, mango, kann epi voye po a nan mitan Lari a. Nou marye ak fatra, sou wout Mayi Gate m pase la m sezi tou prè MSPP ankò wi. Nou alèz nan fatra paske se la nou bwase milyon yo. Bann salòp !
23
17
195
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
1 year
Ralphla Lacombre, yonn nan bandi 5 segonn ki te boule nan Ti yatch sou lanmè a moman yo t ap soti Lafito, misye fenk tonbe la nan zòn Valyè, komin Tigwav. Misye al kwaze ak komisè Muscadin nan move moman pou li. Misye pran nan Bwa Kale a, daprè sa chèf Pakè Miragwàn lan rapòte.
14
12
196
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Gen yon seri pati nan kò w menm pou blag ou pa dwe janm neglije yo; Anba bra w; Bouch (dan), zye, bouboun ou berejèn; cheve w, aprann lave cheve w, Zong ou… Rès yo vini aprè. Aprann pran swen kò nou, ale wè medsen nan tan nòmal sa mande. Ou renmen bo, ou renmen souse, ou renmen
22
8
196
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Pwal gen plenyen wi, m pat vle rive la men m di nou ap gen plenyen. M fenk aktivite ODV a nan 2 enstitisyon Leta la. Make sa m di nou an ap gen plenyen… Yo rele m Thériel Thélus, jodi a n ap Demaske tout Vagabon epi blòf la fòk li fini. Pou atake TT fòk ou klè, fòk ou dwat !
38
11
191
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Konsèy pou moun ki nan Pòtoprens ak alantou yo : Evite pran woulib nan men moun ou pa konnen sitou jenn fi yo, evite mache kay moun, evite mache nan pwogram tout kote, pa kite nenpòt moun vini lakay ou. Plis rantre tèt ou nan moman sa yo ! Peyi a bay gwo kè sote, bandi ak zam
11
29
189
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Ayiti bezwen yon prezidan menm jan ak prezidan Salvador a. Yon prezidan ki pa nan tete lang ak gang kèlkeswa kategori a. Gang twò alèz nan Peyi a. Pi gwo rezo gang lan se nan JISTIS la malerezman… @tikozeaktt1
21
11
185
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
1 year
Si n gen malè bay vag, bandi yo ap vin ranfòse, y ap vin pi mechan. Y ap mache pran nou gwo jounen anndan lakay nou jan yo te kòmanse l deja. Si w pa ka kore Bwa Kale a jis fè silans… Moman liberasyon an li ye anba grif gang ak zam sa yo… @tikozeaktt1
18
25
187
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Medya yo sispann, kite moun yo ale tribinal pito. Jounalis yo sispann souplee. Nou pa jij, medya yo pa tribinal. Kontinye ede nou Canada 🇨🇦, USA 🇺🇸, RD, Espagne 🇪🇸, France 🇫🇷… Ede nou souplee. Voye yo retounen Ayiti, lakay se lakay, sezi byen yo… Vann yo, voye yon pati pou nou.
24
26
190
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Nou konnen paj HMI Promo 509 la ? Eske nou te konnen paj sa se preske pou Izo sèlman li te konn fè pwomosyon ? Eske nou konnen kiyès ki dèyè l? Eske nou konnen anpil pòs fenk efase sou li depi lè ODV a aktive nan bouda zanmi an ? Yon jou n ap fout konprann ! @tikozeaktt1
15
8
178
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
An jwèt konsa sanble pi gwo eslogan 2022 a: Se yon Peyi difisil. Plizyè kote m vire moun yo lage l wi, ni nan pale ni nan ekri epi yo site m wi. Peyi a difisil tout bon vre wi pou sa m ap gade la a. @tikozeaktt1
30
4
186
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Ayiti se yon Peyi ki gen anpil koze wi: Depi w se malere, po nwè, ou gen zam ilegal; tout moun, tout medya di w se bandi, kriminèl, asasen, kidnapè menm si yo poko jwenn ou nan ankenn zak. Sepandan depi w se Gran nèg, po jòn, ak lajan menm si w gen gwo zam se pou defann FANMI W.
21
22
183
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Non yon nèg site nan yon dosye, kòm tout bon sitwayen misye te sipoze leve devan DCPJ maten an, pa vre ! Si se manti m fè sou li, ta dwe ale DCPJ oubyen nan pakè pou al pote plent. M pa konprann kòman l fè poko janm di anyen sou sa epi se pwòch li k ap mache joure, defann li.Loll
29
9
179
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Nou menm ki t ap tande zanmi an, kisa l di menm ? Eske li nye RELASYON L AK IZO? Eske li di l pa pote zam ou li pa nan 5 segonn Oubyen li pa konn moun ki rele Izo a ? Kisa l di menm ? DCPJ Cheri fè travay ou tande ! Depi yè m te chita devan ap tann li pat vini… @tikozeaktt1
18
6
181
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Kite m raple nou sa : Moun k ap viv Ayiti pa itil mwen anyen sou paj mwen yo. Se vi m riske pou m itil yo. Epi pafwa m depanse lajan tou pou yo. Majorite moun ki move yo tout gen chèk nan Peyi fatra paske yo pa bay tan pou lajan yo rive nan Meri yo pou ka netwaye Lari a. Sadik !
88
11
169
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Michel J. Martelly, Jocelerme Privert, Jean Bertrand Aristide, Boniface Alexandre, se kèk pami ansyen prezidan Peyi a ki vivan… Yonn ou 2 ladan yo ta dwe tonbe anba sanksyon Peyi Kanada. Plizyè ansyen premye minis, minis, menase anba sanksyon… N ap suiv… Kiyès nou panse ? TT
41
14
174
@tikozeaktt1
TI KOZE AK TT
2 years
Lambert, Latortue, Lamothe, Bodeau, Céant tout sou ban akize, yo tout sezi tande sa, yo tout inosan. Martelly, Foucant, Célestin poko reyaji yo menm pou n konnen si y ap sezi tou. Finalman kiyès ki enplike la a? Pèsonn pa konnen anyen, sanble se Mwen oubyen Ou menm ? Yo INOSAN !
29
16
175