29 janvye - Arnel Joseph rankontre Jij enstriksyon. Selon Le Nouvelliste li pale de geo chèf li te travay pou yo
25 fevriye - Prizon Kwadèboukè kraze, Arnel sove.
26 fevriye - Yo touye Arnel.
M panse pase nan betiz la twò fasil PHTK!
Moun ki kont Opozisyon, ki kont Jovenel, ki kont Ceant, ki kont palmantè, ki kont boujwa, ki kont pèp k ap boule a, ki kont sosyete sivil la, epi ki kounyea kont Petrochallenger k ap eseye òganize yo an, sa n vle finalman? Nou vle Jezi an chè e ann òs vin jere peyi a pou nou?
Apwopo etid
@Ayibopost
te kòmande 2 gwoup ekspè nan Entelijans Atifisyèl sou nòt vokal Martine Moïse la,nou mete disponib nan yon fichye Drive metodoloji ak etid syantifik ki kore travay chak gwoup ekspè yo. Wap jwenn tou tout done n itilize pou travay la
Li toujou pi fasil pou bay yon moun pòv lajan, sitou lè moun ap gade w, ke goumen kont sistèm enjistis ki mete moun sa nan kondisyon povrete a. Anpil moun kowonpi makiye zak yo ak zèv charite. Kidonk se pa tout charite ki moral. Gen moun ki itilize charite pou maketing yo.
M anfòm. Te gen yon malentendu nan yon travay
@Ayibopost
. Yo pa pa t arete m. Yo te kenbe nou pou yon moman annatandan yo idantifye nou. Lapolis te trete nou ak respè. Nou jis pèdi yon laptop ak yon kamera ke popilasyon ki t ap "manifeste" a vòlè. M anfòm!
Depi Ayiti Ayiti, pa janm gen yon rejim politik ki opouvwa ki te gen otan resous finansye ke rejim PHTK a. De 2011 a 2015 Martelly te gen mwayen pou omwen poze baz rekonstriksyon nasyon an. Nèg yo boule lajan an an zanmi. Kounyean se menm zanmi sa yo ki pi gwo moralis peyi a!
Si w gen yon zanmi ki panse sakap pase nan peyi a se fòt "dwazimen" bloke l. chanje zanmi! Ni RNDDH ni Je Klere soti rapò depi plis pase 2 lane ki eksplike aklè sa k ap pase nan peyi a ak gang yo jounen jodi a. Nou pap pran 1 minit pou n li yon bout rapò men se nou ki pi konnen.
Sur demande d’AyiboPost, deux groupes d’experts en intelligence artificielle ont analysé séparément la note pour la comparer à la voix authentique de la première dame. Ils sortent tous les deux avec la même conclusion
Malgre anpil tantativ sal non yo, malgre menas yo fè yo, malgre tan angajman sosyopolitik la pran yo, malgre sosyete a pa tjou bayo bourad... Anpil jèn Ayisyen ki angaje nan batay kont koripsyon nan peyi a ap fè bagay ekstraòdinè nan vi pwofesyonèl yo. Se yon bagay poun selebre!
Soraya ap pran lari malgre tout bwi k ap kouri yo wi! Yo fè m konnen
@Gaelleactrice
sou presyon, grann li fè move rèv pou li tèlman yo maspinen whatsapp granmoun lan ak fo nouvèl
#PetroCaribeChallenge
Objektif la se fè n pè. Objektif la se pouse do nou pou n ale. Objektif la se montre n foure bouch nou nan kesyon peyi n gen yon pri. Objektif la se fè n pe dyòl nou.
Ayiti ap vreman bezwen dyaspora a pou remet peyi a sou pye, sitou pou envestisman ak domèn teknik yo kote nou manke anpil konpetans. Men semèn sa fè m wè travay triyaj bon grenn dyaspora yo ka pi difisil ke ranje peyi a limenm.
Peyi sa fè w gen de reflèks ki fè w wont tèt ou apre. Ou soulaje dèske yo kidnape, vyole, tòtire, men "erezman" yo pa tiye... N ap pèdi mounite nou piti piti!
Pandan n ap tuip sou Twitter ak FB, pandan nou sispèk kèk moun nan gagòt PetroCaribe a, fòk nou sonje ke travay nou se pa jije pyès moun. Objektif la se fòse la jistis fè travay li. Fòk lajistis fè travay li pou pèp Ayisyen an pa al eseye fè tèt li jistis.
#PetroCaribeChallenge
Jojo sot gen preske 3 mwa poze la...
- Li pa arive jwenn okenn akò politik (menm ak branch modere opozisyon an)
- li kite ensekirite a agrave
- menm san palman li pa rive mete yon gouvènman
- li kite revandikasyon polisye yo rive nan yon pwen, ki enkontwolab
#JojoEstNul
Sa Fred Hype fè pou mizik Ayisyen an pa gen pri! Depi 4è30 maten an m ap tande BC, son yo kenbe tout frechè yo, beat yo ak melodi yo ret orijinal. Ou santi Fred te toujou gen yon pwojè mizikal klè nan tèt li, li pa janm dewoute nan cheminman atistik li.
Lè nan 40 lane pitit pitit ou mande w "ou te patisipe nan mouvman kont gaspiyaj Petrocaribe a grann/granpè?"
Eske w ap ka reponn wi m te tweet, m te afiche m, m te mobilize, m te kontribiye...?
Paske l ap di pou w eksplike "oh m te okipe m t ap fè pouchòp"
#PetrocaribeChallenge
Nan 8 mwa ki sot pase yo
@Ayibopost
sibi yon veritab senye sèvo. Nou pèdi anpil bon jounalis ak videyas. An janvye m te dezespere, m pa t wè kijan n t ap rive remonte pant lan. Apre yon seri rekritman,
@Widlore
rive met sou pye yon ekip jèn ki chaje avni k ap vanse. M kontan!
M te konn jwe boul ak Ti Greg lè m te adolesan. Chimen msye fè a t ap mennen l la inevitableman. Li difisil pou m pa wè imanite nan msye paske m te kwaze l sou teren foutbòl. M panse li nesesè pandan n ap goumen ak gang yo pou n sonje yo se moun. Fò n chache konprann sa k fè yo
Si w met lalwa oswa règ anvan etik, ou danjere! Lalwa pa p janm ka kouvri tout sak bon ak tout sa k pa bon, pakont etik ap ka toujou gide w. Lalwa ka fè w fè mal, li te legal pou moun nwa te esklav Sendomeng, men li pa t janm etik. Kiltive etik ou!
Pwoblèm lan senp. Si machann pen an monte pri l, ou ka chache achte kasav, oswa ou ka menm manje patat. Lè Moncash monte pri l, ou pa gen lòt kote w ka ale. Yo gen yon monopòl sou sèvis lajan/tranzaksyon elektwonik. Leta t a sipoze pwoteje konsomatè a. Kliyan yo gen rezon fache!
Kanaval 2002, the greatest of all time:
MizikMizik - Zoukoutap
T-vice - Elikoptè
Djakout - sousou
Micky - Diri
Konpa Kreyol-Apach
King Posse-Sa wap Fe
Chandel- Ma Patrie
Rev - chante Libète
Raram - Piwo Degre
Chachou Boys- Alamod
Tokay- O Senye
Brothers Posse - Mete pye w
Nou souzestime sakap pase Ayiti a! N ap souzestime pouvwa gang yo! E menm politisyen/biznisman k ap itilize gang yo souzestime fòs yo. Yo pa konprann ke pouvwa a pral ranvèse. Moman an preske rive kote gang pap travay pou Biznisman/Politisyen ankò, se yo k pral travay pou gang yo
Gen yon gwo solidarite ant popilasyon maskilen medyòk la pou bare wout a tout fanm konpetant k ap pran espas nan deba sosyetal yo... Depi nèg sa yo panike, yo envante tout kalte pawòl sou do medam yo.
Mèsi a tout lektè, zanmi, fanmi, elatriye... ki te ede n nan pwosesis rekipere kont YouTube nou an.
Nou pwomèt nou n ap fè jefò pou kontinye pwodui bon jan travay jounalistik. Mèsi pou tan w ak atansyon w.
Si chak jou w leve w ap preche pozitivite, ou bay tèt ou obligasyon pou w toujou parèt pozitif, se yon bagay ki danjere anpil pou sante mantal ou. Sa inevitableman ap kreye yon dezekilib psikolojik anndan w.
Ann bliye aspè sosyo politik lan. Mpanse Manzè ak Lòlò fè yon gwo erè stratejik. Yo fè yon erè k ap kraze òganizasyon sa yo rele "Boukman Eksperyans" lan paske pozisyon yo a ale alankont "branding" ke yo kreye depi plis pase 35 lane a.
Neg ki merite dechouke yo nou tout konnen yo, nou konn kay yo, nou konn "biznis" yo. Jiskaprezan se pa yo ki viktim. Inosan ap peye pou koupab yo ta dwe kritike e afwonte yo!
Tafa gen rezon. E sa pa sipoze deranje w menm si w kretyen. Se yon verite istorik. Relijyon kretyen an te yon zouti fòs kolonyal yo te itilize pou etabli pouvwa yo sou esklav yo (zansèt nou yo).
.
@pnh_officiel
machin sa ap monte sou Boudon san plak, li gen yon sirèn li pase detanzantan, devan sou kapo a li make "MT 88", li pase devan 3 polisye ki pa kanpe l. E gen 2 lòt polisye ki pase sou moto ki pa menm chache konnen kiyès chofè yo ye!
#SaPaPosib
Diferans ant Naomi ak anpil lòt se ke li fè premye pa a pou reklame li ayisyèn. Li toujou asire l ke jounalis yo pa bliye sa. Epi anvan li rive nan somè mond tenis lan, ane dènyè li vin Ayiti pou enspire timoun ki gen rèv jwe tenis. M apresye sa a.
Depi yon moun mete "Jenès" li devan pou l di li se altènativ ou mèt sèten se maske l ap maske enkonpetans li. Sa pa gade m si w son w "jèn" 15, 22, 30, 38, 52 zan ki vle chanje peyi a. Sa m bezwen konnen se ki konpetans ou
#LaJen
èsPaVleDiDiferan
Si w se yon kreyatè kontni, ou jwenn achte nan zòn Petion-Ville yon kamera Canon Eos R ak tout lens 18-35 Sigma. Se posibleman yon kamera
@Ayibopost
yo vòlè. Fè n konnen, si w gentan depanse pou li n ap remèt ou lajan an. Yo vòlè yon Gimbal DJI Ronin S pou nou tou.
Mèsi anpil!
Gen yon agiman boulchyet "Nou tout koupab" anpil moun ap itilize pou dedwane tèt yo, fanmi yo, oswa zanmi yo ki vreman deranje m! Ase souvan moun k ap di w "nou tout koupab" se pè li pè gade zanmi/fanmi l k ap vòlè peyi a nan je pou di l laverite!
Sur demande d’AyiboPost, deux groupes d’experts en intelligence artificielle ont analysé séparément la note pour la comparer à la voix authentique de la première dame. Ils sortent tous les deux avec la même conclusion
Fòk Ayisyen vreman sispann konpare Ayiti ak Dominikani. Devlopman nou an pa p ka sanble ak pa yo an pou de rezon istorik, kiltirèl, jeyografik (topografik), elatriye...
Nan perimèt Channmas la gen Komisarya PaP, gen DDO, gen Katye Jeneral FADH, nan palè a gen USGPN ak Cat-Team. Kijan bandi yo fè ap fè sa Channmas? Gen yon gwo pwoblèm angajman nan yon Faksyon nan polisye yo ki dirèkteman lye ak mank konpetans ak lidèchip nan tèt PNH la.
Seeing white men on this app supporting gangs and gangsters that are murdering Haitians everyday angers me so much. They are probably tweeting those foolish brain farts while waiting in line for their Tall Caramel Macchiato.
The former Haitian president, Jovenel Moïse, unilaterally ordered the arrest of a Supreme Court Judge and the Highest ranked woman in the National Police. This is a first in Haitian history. Our young democracy has never known such somber times.
We are dying down here in Haiti. We have friends & family who are kidnapped, raped, murdered. My organization had 7 displaced staff due to gang violence.
We must remember people like
@kimives13
&
@dancohen3000
supported this bloodbath by being PR managers for a gang alliance!
Mwen rayi lè pou eksplike pèp la yon bagay nou itilize de pèsonaj anfanten, souvan ki se yon karikati peyizan ayisyen, pou swadizan ede moun yo dijere yon enfòmasyon ke n jije k ap twò difisil pou yo konprann. Moun yo pa sòt, y ap konprann si n eksplike yo byen, klè e nan respè.
Sot gen yon tantativ Kidnapping ki fèt devan Ayibopost sou wout Boudon an. Erezman yo pa gentan pran anplwaye Ayibopost lan. Men yo vòlè machin lan. Yon Susuki Vitara 2018 koulè gri fonse. M. Swete
@pnh_officiel
fè suivi!
M ap bay plak lè m genyen l!
Fè mesaj la pase SVP
Sitiyasyon sante PM lan sanble difisil. Gen rimè yo ka evakye l Sendomeng. M vreman swete kabinè PM lan pa fè erè politik sa. Si sitiyasyon an agrave Lopital Mirbalais a ka jere nenpòt kriz respiratwa. Fè enstitisyon ak pwofesyonèl Peyi a konfyans fè pati premye pa chanjman an.
Ou pa fèt ni kretyen, ni vodouyizan, ni mizilman... Se enpoze yo enpoze n yo. Timoun pa fèt a ni jezi ni lwa nan tèt yo. Se nou granmoun ki manipile yo pou yo kwè nan mit nou yo!
Malerezman m pa wè ni Chris Morning ni pwojè YOLA a nan ankenn nan lis delane yo. Msye fè youn nan pi bèl pwojè Dancehall/Reggae m tande sou 10 dènye ane sa yo (tout peyi, tout atis). Gen de lè kalite pran tan pou jwenn rekonesans popilè.
La Pdt de la société Barbancourt, Delphine Gardère, demande à la justice de contraindre
@Ayibopost
à révéler ses sources. Cette demande, faite au mépris du droit constitutionnel de la protection des sources journalistiques, est rejetée catégoriquement. ⬇️
Mesyedam yo pa fouti depanse 4 milya nan ekonomi ayisyen an. E yo pa fouti transfere tout lajan sa a aletranje. Lajan an vòlè se vre, men li poko depanse. Kidonk kontinye poze kesyon paske n ka jwenn yon bon pati toujou
#KotKobPetrocaribea
#PetroCaribeChallenge
Nou nan yon moman kote l fasil pou rejte Ayisyanite nou. Anplis kalite mizik Zafèm yo, pèp la kontan ke Dener ak Reginald aksepte Ayisyanite yo nan tout aspè. Jan yo abiye, Jan yo danse, yo aksepte Vodou a, yo mache ak pèp la. M panse fenomèn lan se la li chita. Lakilti se Pouvwa
Gen yon seri de moun m wè k ap tate mouvman
#petrocaribechallenge
#KotKobPetwoKaribea
pou wè si yo ka rantre. Ou pa bezwen pè, depi w pat vòlè nan lajan an mouvman an se pa w. M menm al pi lwen, si gen kèk ti volè k ap bay prèv sou gwo gwo vòlè yo n ap a demi-padone n #😂
Gen yon boulchyèt remèd "grenn cheve nan labib" moun levanjil yo ap pataje sou Whatsapp la. Se yon bagay grav, k ap met moun plis an danje. Relijyon se pwazon!
#COVID
ー19
Sa k sot pase nan Nasyonzini an fè m mal anpil. Yon si gran peyi pata dwe kite yon gwoup vakabon fè l tonbe si ba! Ansyen Prezidan an tankou yon timoun k ap reponn granmoun li. Nou minab! E sa k fann kè m lan, m wè blan franse a plis enterese a kesyon fondamantal yo ke mouche a.
Rudy Sanon se Charles Barkley Ayisyen an. Menm resèt lan : Konesans, onètete ak senserite, epi kouraj pou pran pozisyon tranche ki fè fanatik swa kontan anpil swa fache anpil!
Epi boul!!!
Imajine sa k ap pase nan tèt yon bèl tifi 16 zan po nwa (Tankou pifò Ayisyèn) ki fanatik ou e ki pran w kòm egzanp. Se kraze w kraze estim jèn fi sa ki te wè l nan ou. M konprann pwoblèm koulè Ayiti an pa senp, m pa panse w sòt ni imoral, mpanse w viktim sistèm kolorism lan tou.
Vandredi 25 fevriye Nasyonzini ap fè yon konsiltasyon piblik anliy. Ou ka patisipe. Men yo pa medyatize l pou w pa al di sa w panse. M sispèk pawòl ou ka deranje bèl rapò yo pral fè apre a.
Men lyen kote w ka al pale de bèl travay BINUH ap fè ann Ayiti ->