![Valéry Numa Profile](https://pbs.twimg.com/profile_images/1365453853475373056/JNkhX8FO_x96.jpg)
Valéry Numa
@ValNuma
Followers
196K
Following
4K
Statuses
3K
Personnalité médiatique | Entrepreneur | Réalisateur | Conférencier | Auteur
Joined April 2011
📌 Vandredi k ap 31 janvye, @PlatinumProHT ap pote pou nou, « Twouba Lakay », nan #LeReculRésidences. Envite espesyal : Ginoue Guillaume. Admisyon: 500 pyas. #TwoubaLakay, twoubadou plim poul la – Vin pase yon bèl moman nan yon ti kote apa ! Sonje rejwenn chèn WhatsApp mwen an : 👉🏿 . #BonWikenn ❤️
2
1
34
@EddyMIC06736057 @eesteven12 Depi Jordan devan, nou a degaje nou ak rès k ap vini dèyè l yo. 😂
1
0
1
🔵🔴 IJAN - Yon panse espesyal pou kolaboratris nou, Madam #MarieLucieBonhomme ki fè yon malèz maten an, — AVC —, nan moman menm li t ap anime #InvitéDuJour. Mèsi tout kòlèg, tout medsen kite pote asistans yo a MLB, ki kounye a ap pran swen ka li nesesite, e n ap swete l retabli byen vit. #Vision2000ÀLÉcoute #Ayiti
27
25
162
RT @PierreMarcBAPT1: Les jeunes femmes sélectionnées pour le programme de formation aux métiers numériques, propulsé par Biznislife et UHDE…
0
1
0
❤️
@ValNuma Jou Valéry Numa pa nan radyo ankò Mal tou sispann swiv jounalis Mèsi pou tout valè ou mete nan metye ya
3
0
14
🔵🔴 Yonn nan bagay ki souvan deranje m, se lè m rive nan yon ayewopò Etazini, gen kèk konsiy ki ekri nan lang anglè, espànyòl ak kreyòl, pa egzanp, epi tout byen ekri, sof sa ki nan lang ayisyen an ki ekri ak fot. Sa ki tris la, ou ka sezi wè se Ayisyen menm ki korije yo, oswa ekri yo, jis paske anpil nan nou, — kèlkeswa jan n pwofesyonèl, — pa ka ekri pwòp lang matènèl nou. ➡️ @Tag yon Ayisyen ou konnen ki konn ekri kreyòl, pou w ankouraje l. #Vision2000ÀLÉcoute #Ayiti
48
29
227
🔵🔴 USA - Imigrasyon : Anpil pwofesyonèl (jounalis, avoka, ajan imigrasyon), k ap bay nouvèl sou aktyalite int. yo, se sansasyon y ap fè nan lide pou fè migran yo pè. Jis pou enterè mesken (fè lajan nan views, oubyen yo gen fim ki trete kesyon migrasyon, pou pase nan biwo yo, kòm kliyan. #Vision2000ÀLÉcoute #Ayiti
48
41
304
❤️
Gras avèk yon tonton m, mwen kòmanse tande @ValNuma an 2002 e jiska prezan. Epòk sa a mwen te nan 7èm ane fondamantal. Kesyon m ap poze : Kilè Ayiti ap pwodui e bay yon jounalis nan tranp Valéry Numa ?! Mwen renmen ou anpil Valéry Numa. Chapo ba pou ou ! 🎩
13
0
50
🔵🔴 Peyi Etazini (sitou ak demokrat yo) demantibile Ayiti, ak yon seri de èd anpwazone, nan enterè pa yo. Sepandan, nou dwe dakò, premye responsab malè peyi Ayiti, se Ayisyen. Paske kèlkeswa sa etranje a ap fè kont Ayiti, li fè l nan konplo ak Ayisyen. #Vision2000ÀLÉcoute #Ayiti
18
37
283
RT @HotelLeRecul: 📌 Vandredi 31 janvye, @PlatinumProHT ap pote pou nou, « Twouba Lakay », nan #LeReculRésidences. Envite espesyal : Ginoue…
0
1
0
⚠️ ⚠️⚠️ ATANSYON AK MAGOUYÈ ! Yè madi 14 janvye a, mwen resevwa yon mesaj ijan sou yon sèten « Komisè Constant Jean Milord », ki swadizan nan baz UDMO PAP, e ki swete pale avè m pou yon ka ekstrèm ijans. Apre envestigasyon, — pa menm kòm jounalis, se sitou kòm moun ki pa nayif, — mwen menm ak responsab rezo sosyal mwen an, nou pa jwenn non l nan lis Polisye « Komisè Divizyonè » ki ta nan 2 baz UDMO PAP yo (Lwès 1 ak Lwès 2). Anplis, li sanble ak yon moun ki te arete an 2018 paske l te konn fè tèt li pase kòm Komisè oswa Enspektè polis, pou anake moun. Swadizan Komisè Constant Jean Milord sa te mande m lajan, pou swadizan ede timoun, men li pa t ka pwouve idantite li. Li te refize rankontre an prezansyèl pou vin rekipere lajan an, li te swete resevwa l pa Moncash, sou nimewo +509 3842 6464, ki pote non Constant Jean Milord efektivman. Anplis, te gen twòp detay ki pa klè pou mwen ak kolaboratè m nan ki t ap envestige sou dosye a. ‼️ Nimewo li yo se : 📞 Apèl: +509 3842 6464 💬 WhatsApp: +509 55 98 4245 ❌ SONJE : Tout demand èd (lajan) ki baze sou manti, izipasyon tit ak manipilasyon se zak ilegal. Rete vijilan ! ✅ Si nou konnen yon Komisè Divizyonè UDMO Lwès ki vrèman ki rele Constant Jean Milord, k ap ede timoun, ekri m an prive pou m rekonsidere sa, paske rechèch mwen ak ekip mwen yo pa ka pwouve sa, enterese a pa ka pwouve sa tou. #Vision2000ÀLÉcoute #Ayiti
@ValNuma
14
21
81
🔵🔴 M ap kòmanse pa remèsye #FernandoEstimé pou kòmantè trè janti li fè a pwopo de mwen nan yonn nan dènye piblikasyon li yo sou rezo sosyal. Mesye Estimé, mwen resevwa tèks ou a ak anpil imilite. E se trè ankourajan. Mèsi ! #Vision2000ÀLÉcoute #Ayiti ---- Jodi a mwen rann omaj ak yon JOUNALIS. Nan moman gen anpil plenyen kont kèk moun ki prezante tèt yo kòm Jounalis ke anpil moun kwè ki pa fè onè ak metye a, swa paske yo pa gen rigè nan tretman enfòmasyon yo, swa paske yo pa gen fòmasyon e donk yo pat rete lekòl pou aprann metye a, swa paske mikwo yo ale oplizofran, mwen vle pran yon ti tan pou mwen salye travay Valery Numa. Valery Numa, mwen pa konn laj ou, men si yon moun di mwen ou gen 60 an, map dakò paske map tande ou lontan. Mwen se yon oditè regilye. Mwen pa kotwaye ou de trè prè, men mwen pa janm bliye premye jou ou te kontakte mwen, pou mwen te vini pale de dosye Ayiti / Chine / Taïwan. Ou te di mwen " piblik la reklame expertise ou sou dosye Haïti Taïwan, ou gen yon jan ou metrize dosye sa, ou se invité du jour nou, La Repiblik dwe tande ou". Apre sa nou fè plizyè lòt emisyon ansanm, mwen toujou kontan pale ak ou, mwen se yon envite ki vin aprann lakayvou. Rezo sosyal bese nòm ki gen nan metye a, men ou menm ou pa nan chache fè sansasyon, kouri fè bòz, ni detwi moun ak mikwo ou. Alò mwen pa menm bezwen presize ke ou chache verifye enfòmasyon ou avan ou lage. Sa ki se yon prèv respè pou piblik la e pou tèt ou avan tou. Fè bòz, fabrike nouvèl, kouri lage nenpòt "enfòmasyon envante" ke yon moun voye ba ou ka fè anpil moun vin tande men menm yo menm pap bay kredi ak pawòl foulay yo. Yo jis vin nan Zen an. Mon chè Valery, m pa konnen konbyen oditè ou genyen, men mwen se yon gren ladan yo e jous kounya ou pa desevwa mwen. Fòmasyon se gwo bagay, depi nan 2 fraz lè yon moun ap koute ou, lap wè ou nan plas ou. Mwen pa pataje tout analiz ou fè, men mwen toujou pran san mwen koute ou. Mwen te ti moun men mwen te gentan pran yon ti moso nan Carlo Désinor, Jean Dominique, Beaulieu, evidaman anpil nan Lilianne, Nancy Roc, Marvel.... Kenbe liy la Mesye Numa ! Anpil respè pou ou. Bon van... Fernando ESTIMÉ 15 janvye 2025
12
12
164
🔵🔴 Bòn nouvèl ! Otorite yo pran dispozisyon pou louvri #PòSenLwi (Sid), vandredi 17 janvye k ap vini la, sa ki te yonn nan ve Kowòdonatè CPT a, mesye @leslievoltaire. Men atansyon, fòk gen bonjan dispozisyon ki pran, pou antisipe tout konfli ak move je ki pral vle itilize l nan kondisyon ilegal. Nan sans sa, m te gen yon konvèsasyon ak PM @citoyendidier, kote m te pataje ak li divès preyokipasyon ak sijesyon m pou asire yon bon jesyon de pò Sen Lwi a, e li bay garanti l ap fè tout sa ki posib pou asire yon bon fonksyònman. #Vision2000ÀLÉcoute #Ayiti
17
18
200
🔵🔴 Yon lòt fwa ankò, Ayti pa byen leve jodi madi 14 janvye 2024 la, sitou nan rejyon metwopolitèn nan, kote gen plizyè zak kidnaping ki siyale depi yè. Yon panse espesyal pou chak fanmi ki viktim, k ap soufri akoz de zak banditis / teworis yo. #Vision2000ÀLÉcoute #Ayiti
5
10
61