Dr. H.C. Moïse Jean Charles Profile Banner
Dr. H.C. Moïse Jean Charles Profile
Dr. H.C. Moïse Jean Charles

@SenateurMoise

Followers
211,741
Following
109
Media
64
Statuses
946

Compte tweeter officiel Homme politique - engagé pour l'émergence de la Republique d'Haiti ex; Maire, conseiller présidentiel, Senateur. #JISKOBOU #PPPD

Haiti
Joined March 2012
Don't wanna be here? Send us removal request.
Explore trending content on Musk Viewer
Pinned Tweet
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
5 years
Tweet media one
576
267
4K
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
2 years
BON REPO MIKA! Ou ale ak drapo a vlope nan kou w, nan mitan pèp ou te renmen anpil la. Mèsi deske w te ban nou tout ou menm jis nan dènye souf ou. Kondoleyans a tout fanmi, zanmi w ak sektè mizikal la. Ayiti p ap janm bliye w!
104
153
3K
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
Truth and justice always triumph! The Supreme Court of Brazil has given our comrade Lula Ignacio Da Silva an outstanding victory, which reflects on Brazil and Latin America as a whole! @LulaOficial
50
260
2K
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
4 years
Ou finn fè Masak Jan rabèl, pran egzil, sere etazini pouw fè LÒBI, nome tèt ou anbasadè, ap touche pil kòb sou do Pèp la kòm konsiltan. Se tout afè nòmal pouw ap pale de mank de konpetans. Pouw konprann reyalite peyi, se pa sere deyè teknoloji, fòk ou vinnn sou teren an.
278
214
2K
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
Pitit Dessalines kondane ak tout fòs li ekszekisyon somè Jovenel Moise. Se yon krim lachte ke nou kondane. Kèlkeswa rezòn an, tip asasina sa yo pa a la mòd ankò e yo pa ka fè pati de demokrasi nap goumen pou li ya. Pitit Dessalines di pèp Ayisyen tan n mo dòd.
228
129
2K
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
2 years
Ayisyen sot pwouve le mond li se yon gran pèp: Seremoni Omaj a Mikaben nan, se pi gwo prèv ke fòs nou se nan linyon li ye. Jodi a, mwen pa gen okenn dout sou kapasite n pou n soti nan katchoubonmbe nou tonbe a. N ap jis bay peyi nou, sa nou sot bay Mika a: Lanmou
198
82
1K
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
2 years
Sòlda dominiken debake ak zam de gè nan KODEVI (WANAMENT), sou teritwa peyi DAYITI. Kòm Ariel de facto pa di yon mo, sa vle di li konplis. Pèp Ayisyen, jwèt pou nou! Ariel dwe demisyone pou n reprann kontwòl teritwa nou. "Du sol, soyons seuls maîtres!"
392
158
1K
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
2 years
Sak ta di sa! La Chin ak la Risi se 2 pi gwo defansè Ayiti nan 77e somè konsèy ONU an. Pandan gouvènman de facto a al mande fòs miltinasyonal vin konbat manifestan ke yo trete de gang ak teoris, la Chin mande BINUH pou remèt ONU lis gang ak non tout chèf yo. Viktwa pou pèp la!
197
119
1K
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
2 years
Je demande au journal dominicain @listindiario de supprimer ma photo sur son site de journal en ligne publiée à tort parmi celles des présumés chefs de bandes recherchés par la Police et de présenter des excuses publiques. Faute de quoi, il s'expose à des poursuites judiciaires.
257
198
1K
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
1 year
Pèp Ayisyen! M koube m byen ba pou m salye n. Jan m toujou di, pa gen kanpe. Nou reprann baton pèleren nou pou kontinye pale ak tout peyi ki vle ede Ayiti soti nan katchoubonmbe li ye a. Jodi samdi 18 fevriye a, m kite peyi a pou yon vizit nan peyi Larisi. Nou prale jiskobou!
349
70
1K
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
2 years
SOUVRÈNTE N MENASE...ANN LEVE KANPE! Dapre jounal Le Monitè, yon konsèy dè minis siyen pou entèvansyon fòs militè sou tè Libète a. PM defacto a ak tout minis li yo, pa gen ni otorite, ni lejitimite pou angaje peyi a. Nou deklare dokiman sa a nil e li pa konsène pèp Ayisyen.
388
159
1K
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
5 years
« Effrayons tous ceux qui seraient tentés de ravir notre liberté. » JJD
109
126
988
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
Pèp Ayisyen, 7 fevriye 2021 gen 3 evènman ki rive nan peyi a: - ka Jovenel Moise, fen manda li - ka jij Dabrésil - ka jij Mecène Lè lidè politik tande konsèy nou, peyi a ap sove. Tann modòd! pa pè! nou pwal pale! Jiskobou !
300
120
952
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
4 years
Reyalite Yon peyi ki pap dirije ni administre. #Ayiti 🙃
83
93
926
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
2 years
Apre aksyon ewoyik moun Wanament fin poze, nou mande tout Ayisyen fè solidarite ak yo pou yo ka reziste. Sila yo ki pran tèt mouvman LÒK la dwe regwoupe yo pou travay ak manm KTPS la sou yon pwogram agrikòl 1 lane an atandan yon plan devlopman dirab. Pa gen Leta. Se nou ki Leta!
200
91
925
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
Jodi a 7 fevrye 2021, manda Prezidan Jovenel Moise pran fen, selon atik 134-2 manman lwa peyi a, 239 lwa elektoral 2015 lan. Vid enstitisyonèl sa a dwe konble san delè. Nou mande pèp souvren an rete mobilize pou dènye tranzisyon sa a ka pote vrè chanjman. Desten nou nan men nou!
303
151
929
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
2 years
Pèp Ayisyen remèsye peyi Larisi pou respè li toujou montre pou nou ak listwa nou. Larisi se 1ye peyi ki te rekonèt endepandans nou an 1821, epi se 1ye peyi an ewòp ki te fòse lòt Eta devlope komès ak lil Dayiti. Mèsi Larisi pou solidarite w. Nou p ap janm bliye! @AnbasadeLarisi
101
41
846
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
Se ak tristès, kè sere, nou gade videyo viktim operasyon Vilaj de Dye a. Se rezilta sistèm nan ki kale mons pami jèn yo pou kenbe pouvwa. Yo se viktim, koupab yo se nèg konntenè zam ak katouch yo. Chèf polis la dwe demisyone. Pa gen leta! Kondoleyans a fanmi polisye nou yo.
151
86
806
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
Yon konba ret yon konba, men kou a fè nou mal! Pitit Dessalines pataje soufrans sila ki blese nan mach kont diktati a, jodi 28 fevriye a. Nou di Muraille kouraj kontinye konba a jiskobou. Se nan la viktwa ya jwenn konsolasyon!
Tweet media one
Tweet media two
134
80
776
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
2 years
Nou felisite kanmarad Lula pou viktwa li nan 2zyèm tou eleksyon ki dewoule jodi dimanch 30 oktòb 2022 a. Matirite politik pèp Brezilyen an pèmèt li fè chwa chanjman pou rezoud pwoblèm li. Nou aplodi viktwa la goch la, e nou swete Lula bon gouvènans! @LulaOficial
132
50
770
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
4 years
Jodia, Pèp ayisyen pran nòt, san enjerans, nou felisite pèp Ameriken an pou gran egzèsis demokratik sa ki mennen Joe Biden eli kòm 46èm Prezidan Eta Zini. Nan dialòg ak respè souvrènte, nou pare poun kolabore ak tout moun depi Ayiti gen enterè ladan.
118
60
775
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
Tout moun ki onèt, ki de bòn fwa, konprann byen ke atak k ap fèt sou mwen yo se moun ki gen enterè nan kenbe sistèm nan. Detwi karaktè m p ap mache. Mande boule drapo nwa ak wouj la se inyore listwa D Ayiti, se deklare lagè a mas yo ki deja paka respire.
228
97
766
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
4 years
La victoria del socialismo en Bolivia, con la elección de nuestro compañero y hermano Luis Arce, es la victoria del Socialismo Mundial. Yo, líder del partido Pitit Dessalines de Haití, saludo esta elección que es otro triunfo colectivo e histórico en América Latina. ¡Enhorabuena!
77
111
753
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
Mwen te mande gouvènman Ariel Henry a rezoud pwoblèm sekirite a prese prese pou fasilite eleksyon pou rezoud gwo pwoblèm yo tankou: zafè gaz la, chomaj, kidnaping, elatriye. Olye sekirite, se gaz li manyen. Si chomaj pa bese, gaz pa ka moute. Oh non! Gouvènnman an pèdi chimen l!
338
88
748
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
Otorizasyon Leta bay pou vaksen anti kovid antre an Ayiti se yon desizyon iresponsab. Li pa jistifye paske pa gen volim moun malad menm jan a lòt peyi yo ki deside yo menm kanpe sou vaksen pou efè segondè l sou santé popilasyon yo.
156
145
740
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
Nou pap pran nan blòf! Nou wè Ex senatè, Komisè, jij, lidè ap aplike kominike gouvènman pou detente vit machin. Pa bliye se te yon lwa ki te otorize sa. 2 fason sa ka fèt: mete lwa a an veyez ou byen sòti yon lòt dekrè. Vit tente pa bay kidnaping menm si l fasilite kidnaping deta
169
101
723
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
Politisyen Ayisyen terib, yo p ap janm chanje. Depi lè koze 3 akò sa yo te fèt, nou te di, fè yo fè youn. Jodi a tonton Sam debake, li di menm koze a, epi tout moun obeyi. Men pèp ayisyen gen pou bay ni blan, ni esklav zizirit. Delegasyon monte, delegasyon desann, zizirit pi rèd.
184
79
717
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
2 years
Ariel Henri mete l ak yon diplomat pou pwovoke pèp ayisyen k ap manifeste pou dwa li...dwa pou li viv kou moun! Nan ran nou pa fèt pou gen trèt! Ariel KONZE deklare pèp la lagè...Nou nan lagè!
117
95
713
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
2 years
Nou te anonse yon altènativ pou ranplase Ariel Henri, ki echwe nan tèt peyi a. E byen, plan pou wete Ayiti nan tèt chaje l ye a, pou l kenbe souvrènte l, fyète l kòm tè libète...ap prezante nan yon konferans de près, dimanch 23 oktòb. "Konsèy Tranzisyon Pèp Souvren" KTPS
193
73
695
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
2 years
Jodi a pèp Ayisyen deside jwi endepandans li pou bati ekonomi l. Li chwazi fè sa ak zouti kominikasyon politik, diplomasi ak teknoloji. Si sa deranje kèk moun, se pa karaktè n pou yo asasinen. Nan 21inyèm syèk la, mond lan se yon ti vilaj. Yo konnen n pa gen grenn zanno kay lòfèv
220
73
698
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
Jodi 14 dawout la, tè a tranble an Ayiti. Yon gwo sekous ki fè anpil dega nan Sid, Grandans, Nip. Plizyè dizèn moun arive pèdi lavi yo. Nan moman sa a, nou mande solidarite ak viktim yo. N ap tann aksyon Leta, pandan nou rete mobilize pou nou pote kole.
72
74
673
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
20 sektanm make dat anivèsè pi gwo imanis antiesklavajis latè janm donnen: Janjak Desalin. Jou sila a dwe yon jounen refleksyon sou kriz Ayiti a. Ansanm, an n poze kesyon sila a: Kisa papa nasyon an t ap fè? Repons lan se solisyon an. Ke lespri papa Desalin gide n!
Tweet media one
83
81
660
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
Felicito a mi camarada iquierdista, Pedro Castillo, recién proclamado presidente del Perú. ¡Que la luz intensa del socialismo guíe cada uno de sus acciones políticas y económicas y reuna a todos los hijos de esta gran república culturalmente rica y soberana! @PedroCastilloTe
87
50
659
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
6 years
Pandan li enpòtan pou yo bay rapò sou kòb petroKaribe a ke mwen te fè Ayiti benefisye gras a relasyon mwen te gen ak kòmandan Chavez, mwen ta swete yo fè yon Challenge pou lajan $1.50 transfè yo, ak 0.20 santim sou chak apèl yo. Moïse Jean Charles
338
97
631
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
4 years
Sans indépendance monétaire Haiti ne peut être totalement libéré des méfaits du colonialisme. #PPPD #JISKOBOU #JISTIS #Souleymane
40
67
632
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
4 years
Jodi 25 novanm 2020 raple 2 tris evènman pou 2 moniman: lanmò Diego Maradona, lejand football ak anivèsè lanmò "Comandante Fidel Castro", papa revolisyon peyi Kiba, senbòl lit kont enperyalis meriken. Respè pou memwa yo!
50
43
616
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
Pati Politik Pitit Dessalines (PPPD) ap sipòte tout demach ki ale nan sans pou Jovenel Moise jwenn jistis. Jodi 6 Oktòb 2021, nou panse se yon etap enpòtan ki pwal franchi nan kad batay sa a.
134
42
611
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
Fòs nou se nan linyon. Nan respè rezolisyon 21 dawout la, jodi 14 janvye a, a 5 kè nou pwal chita a manm opozisyon an sou pwopozisyon final pou prezante bay nasyon an: 10 ministè san frè, yon gouvènman san chèf pati yo, frè minis yo pwal fè pwojè sosyo pou mas la ka rale yon souf
139
67
599
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
5 years
Nan fen manda lejislati chanm depite peyi Irigwe. Prezidan chanm lan Doktè Maria Cecilia Botlino Fiuri bay mwen meday ki pi enpotan yo deside bay yon pesonaj ki make rejyon amerik latin ak amerik di sid la. An retou M ba li drapo nwa e wouj la kom rekonpans ak gratitid.
Tweet media one
Tweet media two
179
49
579
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
Pandan m Venezuela m vle swete bon retablisman a Prezidan Aristide.
75
35
591
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
Mwen koube m byen ba devan tout militan, patizan, senpatizan isit kou lòt bò dlo, pou tout enèji pozitif ak lanmou ki degaje nan mesaj yo nan jou fèt mwen yè. Mèsi twò piti, yon angajman pou m pa janm trayi kòz mas la, se gwo pwomès sa a mwen fè nou tout devan listwa!
99
37
587
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
2 years
Lenmi pèp Ayisyen se pwòp Ayisyen. Lè yo pa mete ak etranje, se yo ki fè zak malonèt kont peyi a. Endividi yo idantifye, mete fatra, nan plas flè ki te depoze nan pye estati papa Nasyon an, jou fèt li. Yon lòt fwa, yo touye anprè a...sou channmas. Zak sa a pa dwe rete enpini!
111
41
593
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
4 years
El Political Partido Pitit Dessalines (PPPD), agradece al Pdte. Maduro, por su reconocimiento al padre de la Patria JJ Dessalines es sus 262 años de natalicio. El PPPD reitera su compromiso en la lucha para la liberación y asi fortalecer la amistad de los dos pueblos.
45
56
573
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
Nou endinye fas a move tretman konpatriyòt nou yo sibi anba pon "Del Río, Texas". Ayiti ap viv yon kriz imanitè san parèy ki egzije solidarite tout peyi zanmi. Moman an mal chwazi pou depòtasyon an e nou kondane fason li fèt la. Ke leta Ayisyen pran responsabilite l!
192
56
565
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
Pati Politik Pitit Desalin voye yon chay mèsi pou gouvènman peyi Lawisi pou soutyen l voye pou viktim yo apre tranblemanntè 14 dawout la. Jès solidarite sa a moutre aklè nesesite pou gen relasyon zanmitay ak tout peyi frè yo. Mèsi Lawisi. Viv solidarite pami pèp yo!
85
40
561
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
2 years
Je remercie toutes celles et tous ceux, en Haïti, qui ont été solidaires de moi dans l'affaire m'opposant à Listín Diario. Je remercie la diaspora haïtienne dans son entièreté, surtout cette jeunesse fougueuse et hardie. Je suis fier de vous et ne vous décevrai Jamais! Jiskobou!
123
42
554
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
Ayiti Dabò ! Jodi a se yon rèv anpil ane k ap triyonfe, kote Ayiti jwenn solidarite nan moman tranblemann tè a fwape Gran Sid peyi a. Venezuela 🇻🇪, Mexique 🇲🇽, Russie 🇷🇺 yo di prezan. Gwo Chin nan wout. Sa se komansman kooperasyon Sid/Sid. N ap tann vwazen nou USA 🇺🇸.
136
51
542
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
Sou menm dosye vit detente a, poukisa kò konsilè, kò diplomatik ak tout ofisyèl Leta p ap detente? Pouvwa a ilegal, li pa gen okenn otorite pou l ap pran desizyon, men se premye gwoup ki ta dwe detente. Epi, pa bliye ranbouse pèp la 10 mil g la. Demagoji. Ilegalite. Ilejitimite!
115
74
539
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
Youn nan estrateji pouvwa a te met an plas pou kore sistèm nan, se jwe sou malsite jèn yo, nan ba yo zam pou te ka fè fo eleksyon. Se sa k bay vyolans nan peyi a, sitou nan geto yo. PPPD kondane sa k pase Bèlè a. Pouvwa a konplis, entènasyonal la pa inosan!
124
78
530
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
2 years
18 novanm 2022, nou pwal reprann dwa grandèt nou, ke trayizon pitit tè a fè n pèdi. N ap devan BINUH pou n al redi yo, lage peyi nou, lage l. Se yo ki anpeche l mache. Yo kraze agrikilti nou, ekonomi nou, jodi a y ap pèsiste pou vin pyafe ak bòt yo sou tè libète a. Aba enjerans!
205
39
521
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
4 years
Pèp ayisyen ap viv yon moman tris nan listwa l. Yon reyalite sosyoekonomik mare ak yon ensekirite planifye/enpòte/enstitisyonalize. Leta pèdi kontwòl peyi a. Se pou sa n voye jete zafè eleksyon kò gwoup ap pale a. Nou apiye Rezolisyon 21 dawout la pou yon tranzisyon. ABA ENJERANS
117
52
526
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
2 years
Liz Truss ki rive PM legalman, demisyone aprè 44 jou, akoz desizyon dwat e gòch ki ta pwal pote boulvès lan mitan pèp britanik la. Ariel Henri, PM defacto, dekriye, konprann li ka angaje peyi a kont volonte pèp souvren an. Lonè ak diyite pati kite Ariel kòm kadav politik!
94
46
518
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
4 years
Pita 9:00 p.m map sou antenn radyo zénith fm. Pou n pale sou desizyon bank santral yo. MJC
56
49
508
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
5 years
Le Parti Pitit Dessalines profondément affecté par la mort cruelle du journaliste émérite Rospide Pétion prie sa femme, ses enfants, ses parents, ses collègues et amis et la RSF de croire en ses sympathies agissantes . Moise JEAN CHARLES Secrétaire Général.
56
32
508
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
Nou aprann ak tristès lanmò manman Prezidan Aristide, madam Solange Pierre Louis Aristide a laj 100 tan. Moman sa di anpil. Nou prezante l kondoleyans a tout fanmi l e nou pwofite yon lòt fwa ankò swete li bon retablisman pandan n ap raple l ke sektè edikasyon an bezwen l anpil!
67
43
501
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
Nou kondane ak tout fòs nou zak kidnaping k ap fèt nan tout peyi a anba je swadizan dirijan leta yo. Yè sèlman, yo kidnape plis ke 20 moun, ladan yo pè ak mè. Zak sa yo depase limit paske sosyete a te toujou respekte relijye. Si bandi yo fò, se paske leta a fèb!
97
66
496
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
2 years
20 septanm 2022! Bòn fèt papa Dessalines! Ane sa a, randevou a kase sou beton an, nan 4 kwen peyi a, fas a Ariel Henri ki mare konplo ak etranje, pou krache sou revandikasyon mas defavorize a. Ke lespri papa Dessalines akonpaye pèp Ayisyen nan batay pou 2zyèm endepandans lan!
74
62
500
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
4 years
Viktwa sosyalis an Bolivi avèk eleksyon kanmarad nou, Luis Arce, se viktwa sosyalis la nan mond lan. Mwen, Moïse Jean Charles, Lidè Pati Politik Pitit Dessalines (PPPD) voye yon gwo kout chapo pou frè nou. Se yon viktwa kolektif, istorik, ki blayi sou tout Amerik Latin nan.
35
42
498
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
2 years
Nou felisite kamarad Lula, pou kenbe l kenbe tèt ploton an, nan premye tou eleksyon ki dewoule yè dimanch lan, an tout sekirite. Nou kwè nan matirite politik pèp Brezilyen an; n ap tann ak konfyans rezilta final la. Yon Viktwa Lula, se Viktwa la goch an jeneral! @LulaOficial
91
38
492
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
5 years
Gracias Presidente @NicolasMaduro por el abrazo enviado en marco de los 261 años del natalicio del Padre de la Patria Jean Jacques Dessalines, ocasión en la que el Partido Pitit Dessalines hizo una ofrenda floral, y marchamos contra la ingobernabilidad . La lucha continua.
61
50
473
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
2 years
Nou pa nan ni konpwomi, ni konpwomisyon ak Ariel Henri. Pèp la pa bay pèsonn manda pou al negosye amnisti pou yon kriminèl ki mande fòs etranje èd pou kwape manifestan. Twòp militan mouri. Jodi a, pèp la pa bezwen avoka. Li pran desten l an men!
176
44
479
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
4 years
Nou felisite pèp Venezwelyen ki pran desten l an men pou leve defi eleksyon kredib an tout sekirite! Aprè 24 trè rezilta preliminè deja deyò 82% bilten vòt 31% patisipan 5.264.104 vòt Peyi Simon Boliva fè onè a istwa l. Peyi Desalin nan pral fè fas a istwa pa l pa twò lontan
100
30
481
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
Demen 6 novanm, lidè Pitit Desalin nan ap resevwa tit Doktè Onoris Causa nan yon gwo seremoni nan Inivèsite Miami, apati 5 kè pm. Li chwazi Senatè Leslie Griffiths, manm delegasyon Britanik, ak depite peyi Venezyela, Roraima Gutiérrez Moreno, kòm parenn ak marenn.
110
39
478
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
4 years
Nou pa gen kè pou n swete pèp ayisyen an jwaye nwèl nan konjonkti sa a; moun pa fete ak dlo nan je, ni grangou nan vant. Men n ap swete rezistans pou yon bon e dènye tranzisyon ki chita sou rezolisyon 21 dawout la pou mete peyi a sou ray devlòpman, nan vizyon ideyal Desalinyen an
112
45
476
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
4 years
Pèp Ayisyen, PPPD santi l endiye anpil lè gen gwo krim sa yo se ak tweets tout moun ap reaji. Kondoleans a fanmiy jèn liseyèn Éveline Sincère ki pèdi lavi l nan kondisyon sa a. Sa ki pi mal, kriminel yo ak je yo kale ap gade nou. Pote boure pou revolisyon an pou konbat krim sa yo
45
50
480
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
Nan okazyon fèt drapo, senbòl idantite n, souvrènte n ak lit pou dwa grandèt nou, nou rann omaj a papa nasyon an pou drapo doubout nwa e wouj la ki raple koulè po n ak san zansèt yo ki te koule pou libète. Yon pèp ki rache endepandans li ak boulèt kannon pa ka gen drapo kouche.
82
41
470
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
4 years
Ane 2020 an te terib. Yon ane kote peyi a te plonje nan plis mizè, krim, ensekirite, mete sou absans leta. Vyolans sou divès fòm fèt sou pèp la. Fòk sa change! Kidonk, 2021 pap 2020. Nou gen randevou ak listwa, 7 fevriye 2021. Bòn ane e bon konba pou yon 2zyèm endepandans!
95
50
470
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
2 years
Nou aplodi vizit delegasyon USA nan Venezyela. Nou swete yo bon kowoperasyon; nan respè youn pou lòt, nou pa bezwen konnen sa k te pale. Nan konfli Ikrèn/Larisi, nou kondane OTAN, UE, USA ki pa favorize solisyon lapè. Nou ankouraje dyalòg pou yon lapè dirab nan enterè 2 pèp yo.
158
40
457
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
2 years
Jodi 17 oktòb 2022 a, se anivèsè lanmò papa Dessalines. Pèp Ayisyen kase randevou devan anbasad Ameriken pou al fè Etazini konnen ke konstitisyon peyi dayiti pa otorize lòt kò lame sou teritwa ayisyen an. Se nan defann tè Libète a n ap onore memwa Dessalines.
79
42
453
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
2 years
Depi plizyè jou, malere k ap bat dlo pou fè bè nan faktori Pòtoprens ap revandike yon ti kòb anplis pou yo ka viv kou moun. Pèsonn pa pran ka yo, kòm si revandikasyon an pa jis. Nou di yo Kouraj, viktwa se pou pèp k ap goumen!
123
43
449
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
10 months
Nan non Pitit Desalin, m di moun Wanament mèsi pou akèy yo ban m nan vizit solidarite m te fè a. N ap pouswiv solidarite n nan kontribisyon PPPD ap bay pou fini ak konstriksyon kanal rivyè masak la prese prese, epi kòmanse ak konbit plante a, pou retire vant nou lan men vwazen.
167
26
456
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
2 years
Nan non Pati Politik Pitit Dessalines, nan yon lèt tou louvri, mwen reponn sekrète jeneral Nasyon Zini an, ak deklarasyon li te fè sou France24, kote li krache sou revandikasyon mas pèp la...viktim sistèm nan. @UN @antonioguterres
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
108
68
446
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
Konpatriyòt mwen yo, si nou pa tande m se pa silans mwen fè, se telefòn mwen ki pirate. Lòt moun ap reponn sou nimewo m pandan tout kontak mwen disparèt. An atandan pwoblèm nan rezoud, kontinye voye konsèy sou paj ofisyèl PPPD, m ap li e m ap reponn. Ansanm nou pwale jiskobou!
136
48
442
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
Nou voye senpati nou bay moun Dèlma 32 ak Kriswa ki viktim anba men fòs fè nwa yo ki wete lavi 15 sitwayen, pami yo militant A. Duclaire ak jounalis D. Charles. Se yon krim planifye ki antre nan gwo konplo pou fè moun pè. Men, nou pa dwe pran nan entimidasyon, n ap kanpe goumen.
66
49
443
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
1 year
Nou deplore agresyon ki fèt sou diplomat Venezuelien yo nan P.V. jedi a. Nou konprann kòlè polisye yo ki leve kanpe pou defann vi yo ki menase, men sa dwe fèt nan respè relasyon diplomatik yo, jan sa ekri nan "convention de Vienne" ke Ayiti siyen. Nou prezante diplomat yo eskiz.
Tweet media one
36
20
438
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
2 years
Nou twouve n nan kontinan afriken, nan tèt yon delegasyon enpòtan kote n vin resouse nou e eksplore opòtinite dafè pou Ayiti. Nan peyi Nijeria, pi gwo pisans ekonomik nan kontinan an, echanj yo te chita sou ekspètiz nan resous min, baz richès yo. N ap ranje kabann nou toupatou!
132
45
435
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
2 years
Konsèy Tranzisyon Pèp Souvren an gen plizyè manda. Youn ladan yo, se rankontre tout gwoup politik ki te prezante yon altènativ, ak tyè sena a, nan yon demach pou monte ansanm, yon gouvènman antant nasyonal...prèv ke nou pran desten nou an men.
Tweet media one
183
63
428
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
2 years
22 dawout pòtoprens, gen yon militan ki mouri nan premye jounen leve kanpe dèyè gouvènman san konsyans lan. Ariel Henri responsab tout ekzaksyon yo, soti sou bay gaz jouk rive sou kadav! Wè pa wè, soulèvman jeneral... pa gen kanpe nan wout! Se jiskobou!
129
46
420
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
A tout Fanm yo: madan sara, peyizan, ouvriyèz, pwofesè, sèvant, travayè leta/bank, fanm geto, m konnen nou tout nan chomaj degize paske nou pa touche; fanm diaspora k ap redi pou peye bil, etidyan, sila k ap goumen pou dwa fanm respekte, mwen di n Bòn jounen konba ! Bon kouraj!
28
33
416
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
Bravo pou viktwa kamarad Lula Da Silva ranpòte.Lakou siprèm anile kondanasyon l ke yo jije pa t kadre ak verite. Defèt nan dwa toujou pwovizwa. Apre limyè fin blayi ke reyon yo kontinye klere trajektwa politik ou pou lòt gwo viktwa lagòch nan peyi Brezil ak lòt kote! @LulaOficial
53
35
413
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
5 years
Peyi a pap janm devlope toutan ke nou poko gen yon system ki stab e yon gouvènman ki konprann jwèt Damye♟️ trè byen. Pèp la bouke ak AKÒ INILATERAL KOMINOTE ENTÈNASYONAL LA. The international community is playing chess while the Haitian puppets playing checkers blindfolded.
228
47
406
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
2 years
Soulèvman 22 dawout la ap pote anpil evènman nan peyi Dayiti. L ap pase pran tout moun ki te mete ansanm pou plonje peyi a nan tchouboum. Apre sanksyon yo, fòk gen yon lòt Leta, yon Leta fò, pou ekzije restitisyon byen yo ak reparasyon pou tout mal zòt fè peyi a. Nou p ap kanpe!
93
29
411
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
2 years
Machin lan mò a ap kontinye kous li. Yè swa, se konpatriyòt nou, Eric Jean Baptiste li frape ak tout ajan sekirite l. Kondoleyans a fanmi, zanmi ak RDNP. Sitiyasyon malouk sa a paka kontinye. Peyi a p ap dirije. Ijans jodi a se yon plan sekirite nasyonal ak dirijan responsab.
81
38
406
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
Okap andèy, ayiti nan lapèn. Dram nan pase yèswa; 9000 galon gaz chavire e anvayi lafòsèt, wonpwen samari, fatima ak nan bannann. Plis ke 60 moun pèdi lavi yo. Pwoblèm gaz la ak yon leta ponpye lakòz katastwòf sa a. Peyi a bezwen yon leta prevwayan! Kondoleyans a paran viktim yo.
100
48
398
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
Lè Prezidan Maduro te pran desizyon pou te fè n patisipe nan somè chèf deta ak gouvènman yo nan Alba, se te pou montre aklè relasyon 2 peyi yo djanm toujou. Sa te ban n okazyon pale sou koze BitGoud la ak kanmarad nou, Ex Prezidan Moralès ak lòt patisipan yo.
Tweet media one
Tweet media two
71
22
403
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
1 year
Nou apiye pozisyon Larisi pran nan konsèy sekirite LONI an, paske se pozisyon PPPD tou sou fenomèn ensekirite a. Nou toujou di sa, se pa voye fòs militè ki solisyon an, se an amon pou yo rezoud ensekirite a; sa vle di, se gwo men k ap bay zam yo pou yo koupe. @AnbasadeLarisi
96
30
399
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
Yon papa se yon gason k bay tèt li pwoblèm lè fwaye l pa byen mache, lè fanmi l nan toumant. Papa nasyon an te trakase tèt li nan koumansman konba yo an 1791 jouk viktwa 1804 la. Jodi a, Ayiti san gouvènay baryè lib. Papa ki nan dyaspora a tris, m ap jis di yo kouraj, li pre jou!
67
28
397
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
4 years
Nou, Moise Jean Charles, Nou pran nòt de Reyinyon ki fèt nan Palè Nasyonal Jedi 17 desanm 2020 an; ant Palè Nasyonal, KAL BWAWON INIBANK ak Entènasyonal la. Nan Reyinyon sa, Palè a dakò ogmante to Dola a plis pase 30% e koupe kèk tèt nan bank santral. Pèp souvren prepare Nou.
94
65
389
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
M ap tou pwofite konfime enfòmasyon ke yon kòmando te pase lakay mwen maten an. Dye mèsi nou byen e se yon ak entimidasyon ke nou kondane.
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
Pitit Dessalines kondane ak tout fòs li ekszekisyon somè Jovenel Moise. Se yon krim lachte ke nou kondane. Kèlkeswa rezòn an, tip asasina sa yo pa a la mòd ankò e yo pa ka fè pati de demokrasi nap goumen pou li ya. Pitit Dessalines di pèp Ayisyen tan n mo dòd.
228
129
2K
107
53
393
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
konferans pou la près Pitit Dessalines lan, se pou demen mekredi 3 Fev 2021 a 11zè am nan otel le Plaza.
75
29
369
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
2 years
NOU MANDE LIBERASYON BAB PRESE PRESE Militan revolisyonè Pitit Dessalines, Nicholson Pierre, alias Bab, jwenn arestasyon li yè lendi 3 oktòb la, pandan li sou beton an. Avoka PPPD ap pran tout dispozisyon pou libere li. Atansyon! entimidasyon ou provokasyon...n ap jwe a dife!
69
40
367
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
Nou felisite kanmarad Gabriel Boric @gabrielboric pou viktwa li nan eleksyon jodi a, e nou salye pèp chilyen an pou bèl egzèsis demokratik sa a. Viktwa sa a, se viktwa jenès chilyen an ak tout imanis nan mond lan. Nou swete pèp chilyen an bon jan estabilite ekonomik.
152
33
358
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
2 years
El pueblo haitiano agradece al pueblo argentino por la jornada de solidaridad y la manifestación organizada contra la conspiración de las fuerzas imperialistas que incendian y que hoy, quieren convertirse en bomberos. Gracias a Dios, Haití tiene amigos en todo el mundo @isl_lis
Tweet media one
40
27
352
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
Peyi a pèdi 2 gwo sitwayen angaje ki te kwè nan yon lòt Ayiti. Yon Ayiti lib, ki vle byennèt pou tout pitit tè a. PPPD regrèt anpil depa kanmarad S. Gilles ak A. Barbier, nan moman kritik sa a. Nou menm ki vivan, nou pran angajman pou kontinye batay la pou rèv yo vin yon reyalite
30
33
362
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
2 years
28 oktòb se jounen lang kreyòl. Lang sa a soti nan nesesite pou esklav yo te ka pale youn ak lòt. Se li ki te pèmèt kominikasyon ki mennen zansèt yo nan endepandans. Se lang sa a esklav revòlte 22 dawout 2022 yo itilize, pou batay pou yon 2e endepandans: Endepandans Ekonomik lan!
42
26
356
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
Nou te oblije kite peyi a lendi 21 jen an pou n al patisipe nan yon kongrè Karakas sou "200 lane batay Carabobo" N ap pwofite rankontre ak ofisyèl Amerik Latin sou pwojè Bitgoud la. N ap kontinye poze pyon ki pou rebay peyi dayiti souverènte, diyite, richès. Modòd la se rezistans
86
30
355
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
2 years
Nan okazyon fèt drapo,18 me, nou rann omaj a papa Desalin pou drapo doubout nwa e wouj la, senbòl idantite n, souvrènte n, ak dwa grandèt nou. Yon pèp ki rache endepandans li sou boulèt kannon paka gen yon drapo kouche. Viv drapo enperyal 1805 lan!
121
31
353
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
10 months
Nan kad batay diplomatik m ap mennen an, m kite peyi a pou 11 jou. M ap pase Kiba, Venezyela, Tiki pou bout Larisi Etazini ak gouvènman defakto a te minimize pwa gewopolitik/diplomatik peyi Dayiti ak pitit Desalin yo genyen sou plan entènasyonal. Yo paka fè sa yo vle ak nou ankò
136
22
352
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
Yon 20 me nan lane 1805, papa nasyon an te konsakre premye konstitisyon nasyon ayisyèn nan; kote anndan l chak gout swè konbatan yo te tradwi nan drapo senbòl libète, nwa e wouj. Manman lwa 1805 la grave nan memwa n, e li pa t rezilta referandòm blòf, mètdam, ni ilegal.
55
43
343
@SenateurMoise
Dr. H.C. Moïse Jean Charles
3 years
M swete tout konpatriyòt yon fen lane nan lanmou, pataj ak solidarite. Yon panse espesyal pou sila ki travèse nan move kondisyon tankou: viktim nan Nò ak Sid peyi a, ak tout lòt sistèm nan touye. M pataje soufrans matisan. Zetwal Ayiti gen pou l briye ankò, nou se yon gran pèp!
106
35
343