Pou Laverite ak Pou Listwa Profile Banner
Pou Laverite ak Pou Listwa Profile
Pou Laverite ak Pou Listwa

@AkListwa

Followers
5,985
Following
1
Media
307
Statuses
462

Obsèvatwa sou kòripsyon an Ayiti. Nou vle mete non ak figi sou malvèsasyon. #HaitiCorruptionWatch #ObservatoireHa ïtienDeLaCorruption aklistwa @protonmail .com

Joined February 2021
Don't wanna be here? Send us removal request.
Explore trending content on Musk Viewer
Pinned Tweet
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
Tout sa k ap pase nan peyi a, gen moun ki responsab yo. Ann aprann bay chak moun responsabilite yo. Kit li politisyen, jounalis, biznismann, atis, entèlektyèl, elatriye. Sosyete a dwe konsève memwa aksyon tout moun pou listwa kapab byen jije yo.✍️✍️ #PouLaVeriteAkPouListwa
3
27
153
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
#Thread #1 - Jodia, nou pral pale de yon gwo moso! Bigio kontwole ekonomi Ayiti. Bigio gen monopòl yon pakèt pwodui w ap itilize chak jou. Li pa aksepte konpetisyon. Li gen lajan Petrocaribe a nan men l pou yon travay ki pa janm reyalize. ✍️ #PouLaVeriteAkPouListwa
Tweet media one
Tweet media two
81
421
655
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
Madan Jean Dominique fè plizyè ane ap mache an Ayiti kou aletranje pou mande jistis pou mari l. Jando te pami moun ki te gen popilarite pou l vin prezidan Ayiti. Apre yo fin touye l, malgre dosye a te fè gwo bri, madanm li pat itilize l pou objektif elektoralis. Tag yon moun.
Tweet media one
Tweet media two
87
47
398
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
#thread #1 - Ann suiv tras lajan. Ni pouvwa PHTK a, ni gwoup nan opozisyon an ki rele tèt li sektè demokratik la, yo gen pratikman menm patwon. Nou ap wè sa nan videyo thread sa a. Se manm chak gwoup yo ki fè revelasyon sa yo. Ann konsève achiv sa yo ✍️ #PouLaVeriteAkPouListwa
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
22
222
320
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
👇🤫Foto sa a senbolize modèl jesyon Leta peyi a. Li senbolize karaktè dirijan yo. Li senbolize fason dirijan Ayisyen trete Ayisyen parèy yo. Jovenel est mort comme il a géré le pays. Il est enterré sous le mode opératoire de son administration. Joumou pa donnen kalbas.
Tweet media one
57
90
324
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
Mesye sa rele François Nicolas Duvalier. Li gen 38 tan. Li poko janm travay nan lavi l. Li pa janm temwen ni manman l, ni papa l ap travay yon fwa nan lavi yo. Li deside pa rive lwen lekòl malgre paran l milyonè sou san Ayisyen. Se li menm y ap prepare pou vin prezidan w. 👇👇
Tweet media one
Tweet media two
83
127
314
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
Yon gwo pati nan sa k ap pase peyi a jodi a, se konsekans aksyon nonm René Garcia Préval la. Li inisye pwosesis grese pat palmantè yo. Li plase anpil moun san nivo nan Leta a, espesyalman nan palman an. Li dèyè anpil kontra ki kont enterè peyi a. Listwa dwe l yon jijman espesyal.
Tweet media one
46
66
312
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
2 years
#Thread 1. Sherif Abdallah se konsil onorè Itali an Ayiti. Ayibopost rapòte konsila a nan menm espas ak biznis li ki se Assurance Leger, li se prezidan l. Li gen biznis ak Boulos, epi li se manm konsèy administrasyon Sogebank. ()
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
Tweet media four
23
167
292
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
#thread 1- An Avril 2015, gen Yon bato sik ki te gen ladan l 700 kilo kokayin ak 300 kilo ewoyin, yo evalye l a 100 milyon dola ameriken. Bato sa ki rele MV Manzanares te debake nan pò Varreux, nan Site Solèy. Pandan ouvriye ak dechaje bato a, yo tonbe sou kagezon dwòg la.
Tweet media one
18
169
271
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
#thread #1 - Se machin Magalie Habitant ki te transpòte mèsenè etranje lapolis te arete ak gwo zam epi lòt gwo ekipman. Lajistis te mete yon entèdiksyon pou Magalie Habitant pa kite peyi a lè yo te fin tande l nan dosye sa a. ✍️ #PouLaVeriteAkPouListwa
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
8
136
237
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
#1 - Claude Joseph nome Herns Mesamours kowòdonatè ONA. Herns Mesamours te enplike nan yon skandal komès viza ak ranje maryaj pandan li te nan konsila Ayiti nan peyi Bahamas. Minis afè etranjè nan moman an, Edmond Bochitt, te wetire Herns nan pòs la apre skandal sa a.
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
Tweet media four
46
124
204
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
1 year
#Thread #Repost 1. Men ekip moun ki kreye PHTK yo. Ann sonje yo. Ann konsève achiv sa yo! #PouLaVeriteAkPouListwa
11
109
189
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
Polisye vilaj yo fè plis pase de zèd tan ap mande bakòp. Tout wo eta majò lapolis la ap tande yo nan radyo kominikasyon. Leon Charles vle fè moun ret kwè, se Carl Henry Boucher ki te anpeche l pran desizyon pou al sove nèg yo anba men bandi Vilaj yo? Kote bon sans nou mezanmi?
5
51
174
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
#Tread sa a Enpòtan!! 1- Men kèk nan pòs palmantè yo negosye ak moun yo plase nan pòs sa yo. Li enpòtan anpil pou n sonje non moun sa yo ak responsabilite yo nan demantle Leta a. Konsève achiv sa yo, paske y ap enpòtan anpil nan tan k ap vini yo. ✍️ #PouLaveriteAkPouListwa
18
134
174
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
#1 : Carl Barvensky Paul chwazi bay chèf gang Babekyou yon espas pou ekspoze l kòm yon eleman ki itil nan sosyete a. Babekyou se chèf kowalisyon gang G9 ki enplike nan anpil kidnaping, masak, vyòl, destriksyon byen ak lavi anpil moun.
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
Tweet media four
66
98
169
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
Madanm sa rele Marie Greta Roy Clément, li nan tèt Ministè Sante Piblik depi 4 ane. Si gen pwoblèm nan lopital piblik yo, li se premye moun pou medya yo rele pou l bay eksplikasyon. Li toujou kache enkonpetans li nan silans. Poukisa l ap manje lajan taks nou? Ki bilan l?
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
Tweet media four
8
131
166
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
#thread #1 - Dènye semèn sa yo, gen yon jounalis ki an Ayiti k ap sibi anpil atak bò kote pouvwa PHTK a. Li rele Amelie Baron, li se korespondan RFI an Ayiti depi kèk tan. Moun ki dèyè atak sa yo, se yon anplwaye Laurent Lamothe ki rele Pierre Côté. ✍️ #PouLaVeriteAkPouListwa
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
11
117
163
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
#Thread #1 - Voye yon je spesyal sou moun sa yo. Yon gen eksplikasyon pou yo bay sou omwens yon gwo zak malvèsasyon ki pase nan Palman an. Nou gen Gary Bodeau ki te prezidan chanm depite yo, ak Gandhi Dorfeuille ki te nan pòs jere kès chanm nan.
Tweet media one
Tweet media two
19
108
152
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
2 years
Lè sitwayen leve vwa yo, ransanble kont enpinite ak kòripsyon, sa dwe bay rezilta. Inisyativ pou mande lajan Petrocaribe patisipe anpil pou pete gwo absè kòripsyon n ap viv jodi a. Menm si travay la poko fini, tout moun ki te pran beton an pou sa, merite anpil respè. Chapo!
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
Tweet media four
2
42
139
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
#1 - Lè Michel Martelly deside kreye yon pati ki rele "Tèt Kale", men gwoup moun ki te chwazi ba l bourad pou pwojè a gaye nan peyi a Ann-Valérie Timothée Milfort: Prezidant #PHTK BALTHAZAR Liné: Konseye BASILE David: Konseye CYPRIEN Price: Konseye. ✍️ #PouLaVeriteAkPouListwa
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
Tweet media four
11
119
137
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
#thread #1 - ULCC anonse li ouvè yon ankèt sou madanm senatè Rone Célestin ki achte yon kay nan peyi Kanada pou 4.25 milyon dola. Istwa PHTK a montre poko janm gen yon pwòch rejim nan ki enplike nan skandal ki rive pase devan lajistis. men kèk ezanp. Sonje non yo ak figi yo!
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
Tweet media four
11
107
135
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
#1 - Le mec devient un colis trop encombrant pour les Blancs qui l'ont cautionné. Si c'est vrai, il est trop encombrant pour la clique du crime qui voudra physiquement s'en débarasser. Claude Joseph est l'archetype de ces petits ambitieux qui veulent le pouvoir à tout prix.
Tweet media one
Tweet media two
8
46
134
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
#5 - Fanmi Deeb ap vann pwodui Bongú, Actimed, Nutrigu, Bonlè, and Tempo, Lavaggi, Cameo an Ayiti. Apre sa, yo nan komès moto, pyès moto, kawotchou, pòslèn ak anpil lòt pwodui. Lè yon pouvwa chwazi bay pi gwo enpòtatè nan peyi a kontwòl ladwàn, se senyen ou senyen ekonomi an.
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
Tweet media four
2
69
128
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
#thread #1 - PHTK te gen gwo pwoblèm ak Jovenel yo di ki t ap trayi Michel Martelly, yo te voye mesaj avètisman bay Jovenel. E gen kèk siyal yo te voye ba li tou. Nan #thread sa a, nou vini ak son epi videyo pou montre w sa. ✍️ #PouLaveriteAkPouListwa
Tweet media one
Tweet media two
18
70
120
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
Èske se yon ankèt bò katedral y ap mennen sou asasina Jovenel Moïse la?
Tweet media one
10
26
123
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
#1 - Moïse Jean Charles te majistra Milot. Konseye René Préval. Li enplike nan asasinay yon sitwayen ki rele Guitz Adrien Salvant an 2004. Li enplike nan asasinay yon sitwayen ki rle Donald Julmiste. Lè lajistis deside fèmen l pou ekplikasyon, li sove. ✍️ #PouLaVeriteAkPouListwa
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
35
54
122
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
#Thread #1 - Youn nan jij Jovenel Moise nome nan Lakou Kasasyon ilegalman yo, te blanchi moun ki te akize nan dosye kagezon zam Senmak la an 2016. Pami moun sa yo, jij la te libere Roro Nelson, Vladimir Paraison ki te kowòdonatè sekirite Palè Nasyonal. ✍️ #PouLaVeriteAkPouListwa
6
111
123
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
#25 - Fanmi Bigio pa janm ekprime yon pozisyon sou eta peyi a ak tout kriz k ap wonje sosyete a. Li pa janm denonse kòripsyon ak kontrebann. Tout manifestasyon kraze boule ki gen nan peyi a, enstalasyon pifò biznis Bigio yo se Site Solèy yo ye. Anyen pa janm rive yo.
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
13
60
116
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
#3 - Yon lòt kote, Reynold Deeb ap finanse gwoup opozisyon Sektè Demokratik Popilè a. Ansyen senatè Simon Dieuseul Desras fè konnen, nan moman peyi lòk la, Deeb bay eleman nan gwoup sa lajan pou fè konntenè machandiz li pase. Li di se ak Deeb pou w pale si w vle rive sou yo.
5
69
113
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
Ede nou konsève achiv @AkListwa yo! Pa janm bliye fè sa. Y ap itil nou anpil nan tan k ap vini yo. Pran tan w, vizite paj la, w ap konprann yon pakèt bagay k ap pase. E, w ap konprann ki NON ak ki FIGI ki dèyè evenman yo. Anyen sou paj sa pa poste pou granmesi!!
Tweet media one
5
28
109
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
#1 - Men Senatè senkantyèm lejislati ki t ap kore pwojè PHTK a. Pa gen okenn enfòmasyon sou pakou akademik ak pwofesyonèl yo. Anpil ladan yo apèn konn li ak ekri. Sonje non yo ak figi yo. Kenbe achiv sa, pou n raple fanmi ak zanmi yo, jan yo detwi peyi a. ✍️ #PouLaveriteAkListwa
7
95
113
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
2 years
Nou sonje bis bandi detounen epi yo vyole tout fanm ki landan yo? Nou sonje videyo kidnapè k ap filme fanm yo fin vyole yo? Nou sonje timoun ki pap jwenn lanmou ak akonpayman manman ak papa yo, akoz grenn bal bal moun sa yo? Nou sonje kantite kidnaping, san ak kriye?👇👇
Tweet media one
6
34
113
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
Journalisme de caniveau Connivence délétère Manque de totale de professionalisme Le politicien revèle à quel point il est larbin du Blanc Les médias qui ne nous abrutissent pas en Haïti ne sont pas nombreux.
9
37
103
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
Sispann verifye Twitè w detanzantan. Ou mèt al nan kabann ou. Pap gen zen pou jodi a. Tann demen, ti pè a ta dwe rantre. Bizou!😘😚
9
4
107
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
Depi lè @AkListwa lanse, nou te di achiv sa yo ap enpòtan pou w konprann sa ki pral pase nan tan k ap vini yo. Nou kòmanse wè sans @AkListwa jodi a? Si w byen gade tout paj la, deja, w ap konprann yon pakèt bagay. Nou gen lontan n ap goumen ak lonbraj nou. Enfòmasyon se pouvwa.
2
14
110
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
Lajistis pat kapab tande Dimitri Hérard paske lapolis mete l an izolman. Chèf lapolis la se Léon Charles. Chèf chèf lapolis la, se te Claude Joseph. Donk, si te gen volonte, Dimitri t ap devan lajistis depi menm jou Jovenel Mouri a. Se pwoteje ekip la ap pwoteje l.
8
20
109
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
Mais sérieusement, pourquoi le pays a-t-il besoin d'un Ministre de la communication et d'un secrétaire d'Etat à la communication? Ils font quoi au juste? Quel est l'utilité de ces postes si la Primature et la présidence peuvent disposer de leurs porte-paroles?
8
49
103
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
#2 - Prèske tout Ayisyen ki an Ayiti mete lajan nan pòch Bigio chak jou. Gilbert Bigio se yon jwif ki gen orijin li nan peyi Siri. Papa l te debake Ayiti nan ane 1896. Li se yon milyadè. Se moun ki pi rich nan Karayib a. Li te konsil onorè peyi Izrayèl an Ayiti pandan 25 ane.
Tweet media one
Tweet media two
2
54
100
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
#3 - Gilbert Bigio ap viv nan yon ti zòn Miami ki rele Indian Creek Village ki gen 32 kay sèlman. Se gwo vedèt ak milyadè k ap viv la. Se la a pitit fi Donald Trump, ap viv. Zòn sa a gen pwòp polis li k ap veye kay yo. Ou ka jwenn detay sou zòn sa a la a
Tweet media one
1
50
99
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
#1 - Jedi 12 mas 2020, lapolis arete senatè Kedlaire Augustin ki te nan yon Prado vit tente san plak ki te gen yon alèt kidnaping sou li. Machin nan te gen yon galil ladan l, ak yon lòt gason ki te akonpaye Kedlaire. ✍️ #PouLaVeriteAkPouListwa
Tweet media one
6
71
104
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
1 year
Men moun ki dwe ba w eksplikasyon sou ensekirite a. Okenn moun pa fòse yo nan pozisyon yo ye la a. Se yo ki chwazi l sou pretèks yo valab pou djòb la. Ann pa janm bliye yo. Ann konsève achiv yo. #PouLaVeriteAkPouListwa
Tweet media one
10
79
98
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
#tread #1 - Si w poko li rapò ULCC sou BPH la, nou ankouraje w fè sa. Yon bank Leta ekip Tèt Kale a piye. Yo bay zanmi yo tankou Jovenel Moise, Evinx Daniel ak yon pakèt lòt, yon kantite lajan ki lakoz bank lan fè fayit. ✍️ #PouLaVeriteAkPouListwa
Tweet media one
Tweet media two
6
92
97
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
#thread #1 - Ikenson Edumé ak Josué Pierre Louis, se 2 frè ki okipe gwo fonksyon nan peyi a, men, ki enplike nan yon pakèt skandal ki byen dokimante. ✍️ #PouLaVeriteAkPouListwa
Tweet media one
Tweet media two
15
66
93
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
Nou remake silans sektè prive a malgre tout sa k ap pase la a?
12
22
94
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
Jovenel nome Frantz Exantus kòm sekretèdeta kominikasyon. Ann tande kijan di li konn bat madanm li souvan. Jouthe nome Frantz Exantus direktè kominikasyon Primati nan mwa jiyè 2020. Li te responsab kominikasyon nan OAVCT ak nan ULCC tout pandan l ap travay kòm jounalis #Achiv
19
64
88
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
Sonje konsève tout achiv @AkListwa yo sizoka. Yo pral enpòtan anpil nan tan k ap vini yo. Ann fè yon jan pou tras sa yo pa janm efase. ✍️ #PouLaVeriteAkPouListwa
7
24
92
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
Men enkonpetan ki responsab lanmò polisye yo. Yo revoke l deja pou enkonpetans. Pi gwo efikasite l, se fè represyon sou manifestan. Tande Carl Henry Boucher k ap pale, w ap wè Léon Charles pap konfòtab ak moun ki konpetan nan antouraj li, paske y ap montre l limit li.
Tweet media one
3
46
91
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
An 2011, Eude Lajoie te fèmen nan penitansye nasyonal pandan 21 mwa pou eskwokri, asosiyasyon malfektè. Pouwa PHTK a mete l dirije SNGRS apre Magalie Habitant te okipe pozisyon sa a. Eude Lajoie vòlè yon kay, pouvwa a pa deside pousuiv li lajistis. ✍️ #PouLaVeriteAkPouListwa
Tweet media one
Tweet media two
2
68
91
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
Depi lè polisye yo te deside kreye sendika ki rele SPNH-17 la, direkson polis la te kreye pwòp sendika pa l ki rele SYNAPOHA. Jodi a, Léon Charles pratikman revoke tout manm sendika SPNH-17 la, yon fason pou l kraze sendika sa a. Sèl sendika DG PNH la ki gen dwa ekziste.
10
71
88
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
1- Un peu de fiction, car le temps est trop stressant. L'un d'eux avoua son péché. On fait vite fuiter la nouvelle dans la presse. Et le bruit se répandit: on a trouvé l'assassin! Il passa la nuit confus, attristé et contrit. C'est là qu'il réalise la dimension de son forfait.
2
34
89
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
#5 - Jounalis la di Bigio detwi moun ki vann pwodui li fè oubyen enpòte. Li kontwole ministè finans, pò Pòtoprens ak Miragwàn, epi li fè bagay antre nan peyi a san APN paka kontwole yo. Lè bwa a mare, li konn fè kòmando peyi Izrayèl rantre vin bal sekirite.
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
3
46
82
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
Ekip ki sou pouvwa a montre anpil fwa, jan li pa kapab adrese pwoblèm ensekirite nan peyi a. Li montre anpil fwa lyen li genyen ak gang yo ki gaye tout kote. Poutan, yo rete kwè yo se solisyon pwoblèm peyi a. ✍️ #PouLaVeriteAkPouListwa
7
89
85
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
#Thread : 1- Jovenel Moise nome yon konsèy administrasyon nan tèt Bank Santral peyi a (BRH). Ann gade pwofil moun yo. Ann aprann suiv tras lajan. Sonje kenbe achiv sa yo. Y ap enpòtan anpil nan tan k ap vini yo. Tout moun dwe rann kont responsabilite yo. ✍️ #PouLaVeriteAkPouListwa
Tweet media one
7
47
84
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
Sa se dezyèm ekip ki travay pou PHTK blayi kò l nan tout peyi a. Ann konsève achiv sa yo. N ap bezwen yo pi devan!! Mèsi anpil pou sipò nou bay kont lan. Nous sommes fières et heureuses de participer à ce combat!! ✍️ #PouLaVeriteAkPouListwa
1
56
80
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
Gen yon emisyon Louko Désir te fè pou l te montre jan Magalie Habitant se yon fanm ki byen fòme. Emisyon sa te fèt apre videyo diskou Magalie a te fè bòz sou entènèt. Louko te gen misyon pou blanchi imaj Magalie nan je piblik la. Ede @AkListwa jwenn emisyon sa a pou achiv.
5
21
85
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
Gwo vyolans ki gen nan peyi a gen pou wè ak revandikasyon sou gaspiyaj lajan Petwokaribe a. Twòp eleman nan klas politik la ak sektè prive a enplike ladan l. Yo prefere gate sitiyasyon an olye pou gen ankèt ak pwosè ki fèt. Chak fwa ou pale de Petwokaribe, ou deranje sistèm nan.
Tweet media one
1
56
81
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
#6 - Nan dosye Petrocaribe a, Lakoudèkont montre gen yon konpayi gwoup Bigio a ki rele REPSA ki pran prèske 30 milyon dola nan men MTPTC pou te fouye bodmè Pòtoprens lan. Travay sa a pa janm ekzekite. Lajan sa fè fon san pa gen eksplikasyon ki bay.
Tweet media one
Tweet media two
2
47
78
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
Pa manje manje bliye!!!👇👇👇Se pou sa achiv yo enpòtan! Moso palman an rete 10 senatè. Se yon sèl ladan yo ki pa PHTK oubyen alye PHTK. ✍️ #PouLaveriteAkPouListwa
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
Tweet media four
3
31
74
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
Nan 2 moun FBI arete yo, Joseph L. Mathieu gen yon kat palè nasyonal ak yon kat VIP Auction City. AUCTION CITY se biznis Goerges Racine ki se youn nan manm PHTK. Se mari Magalie Racine ki te minis spò sou Michel Martelly. Li la 👉 ✍️ #PouLaVeriteAkPouListwa
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
Tweet media four
7
36
78
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
#11 - Nan domèn enèji, Bigio posede « GB Energy Company » k ap vann gaz ak pwodui petwolye nan senk peyi nan rejyon an. Se Bigio ki gen monopòl mete gaz nan tout avyon ki Punta Cana, Santiago ak Samaná nan peyi Sendomeng.
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
1
38
78
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
#14 - Se Bigio ki vann siman ki rele KÒLÒS la nan peyi a. Men yon lis pwodui etranje k ap vann an Ayiti, se sèl Bigio ki gen dwa vann yo nan tout peyi a. Nan lang franse, yo rele sa yon « Distributeur Exclusif ». Ou ka al verifye sa sou sit yo
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
Tweet media four
2
41
77
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
#10 - Anpil zam gang yo ap itilize debake nan pò sa a. Pa janm gen moun ofisyèlman lapolis ak lajistis mare nan dosye sa yo.
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
2
42
74
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
Willot Joseph ki se ansyen senatè PHTK, te nan prizon an 2006 paske l te vòlè machin. Lè yo fin fè l pase nan elekesyon pou depite, yo lage l nan prizon an. Se li menm PHTK chwazi pou senatè. ✍️ #PouLaVeriteAkPouListwa
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
Tweet media four
7
56
78
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
#13 - Bigio vann pwa, sik, farin mayi, mayi moulen. Pat tomat, poud ji, bwat lèt. Se Bigio sèlman ki gen dwa pou vann an Ayiti pwodui Kraft, Heinz, Mondelez, Philip Morris, Plastifar, Goya, Hormel. Luil Gourmet, savon Banda, fab Banda Eco, Kim ak Puritex, Clean Boy, Bactrosan, etc
Tweet media one
Tweet media two
1
42
76
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
#24 - KÈLKESWA sa k ap pase an Ayiti, fanmi Bigio gen yon desizyon li pran ki gen konsekans sou lavi w kòm Ayisyen. Malgre tout tan sa yo gen nan peyi a, yo pa melanje ak moun po nwa nan fanmi yo. Laurence te marye ak yon biznismann Arab, li divòse.
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
Tweet media four
4
36
74
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
#4 - Sit Redfin estime kay Bigio a vo anviwon 32 milyon dola jodi a. Gen yon atik yon jounalis envestigasyon ki rele Corey Lynn ki fè konnen Bigio gen yon lame k ap pwoteje l ak biznis li an Ayiti. Li grese pat tout chèf lapolis ak militè nan peyi a.
Tweet media one
Tweet media two
1
43
71
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
Politik pa jwèt tè. Se moun entèlijan nou ye. Konsève achiv yo. ✍️ #PouLaVeriteAkPouListwa
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
16
17
71
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
#9 - Zòn Franch sa a, nan yon zòn ekonomik ki pi gwo ki rele « LaFITO GLOBAL » ki sou 400 ekta (310 kawo tè). Nan espas sa a, genyen « Port Lafiteau », ki se pò ki nan dlo ki pi fon nan peyi a jiskaprezan. Sa fè pò sa kapab resevwa gwo bato, epi dechaje yon pakèt konntenè.
Tweet media one
Tweet media two
1
41
70
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
Pou minis kilti a, Pradel Henriquez, jistifye Jovenel pa diktatè, li fè konnen yo te aretel anba diktati lè l te gen 15 zan. Li di se an 1988 yo te arete l. Si li te gen 15 zan an 1988, minis lan paka gen 56 zan jodi a. N ap raple diktati Divalye a tonbe 7 fevriye 1986.
20
38
77
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
#4 - Reynold Deeb soti nan peyi Liban. Li se youn nan pi gwo enpòtatè pwodui nan peyi a. Li fè biznis ak Eddy epi Ivonne Deeb. Youn nan asosye l se Gérald Bourguignon k ap dirije DEKA S. A. Eddy Deeb se vis prezidan BUH apre sa, se li menm ki direktè jeneral IMODEKA S.A.
Tweet media one
Tweet media two
1
48
72
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
#8 - Bigio posede yon zòn franch Ayiti ki rele « Lafito Industrial Free Zone ». Se yon kote moun ki enstale yo la a, pap peye taks. Zòn franch sa a chita sou anviwon 25 kawo tè. Faktori ki enstale nan zòn sa a, pap peye taks sou pwodui ak ekipman yo enpòte pandan 15 ane.
Tweet media one
2
44
70
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
#23 - Nou pa jwenn enfòmasyon fyab sou kantite lajan Bigio posede. Men, plizyè medya fyab konfime li milyadè epi, se moun ki pi rich nan Karayib la. Malgre tout lajan sa a, Bigio pa enterese ak envestisman sosyal nan peyi a. Kèk fwa li bay lajan, se tankou jès imanitè ONG yo.
Tweet media one
Tweet media two
1
30
69
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
#7 - Goup Bigio wetire konpayi REPSA a sou sit yo depi apre skandal Petrocaribe a. Men, yo bliye l sou Instagram yo. Gwoup Bigio te gen yon jounal ki rele Challenges pa vrèman pale sou gaspiyaj lajan Petrocaribe a. 2 atik sèlman ki soti sou sa.
Tweet media one
Tweet media two
1
35
65
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
#12 - Bigio posede « Acierie d’haiti » pi gwo biznis k ap vann fè, klou, tiyo, fil alegati nan peyi a. Se pi gwo konpayi ki vann bwa, playwoud, pòt ki tou fèt ak tout lòt pwodui ki derive ak bwa nan peyi a. Gade tout pwodui yo la a👉
Tweet media one
1
37
64
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
#20 - Jodi a, Gilbert Bigio a pran desizyon pou Ayiti depi nan villa li genyen Miami an. Se pitit li Reuven Bigio k ap jere biznis li yo Ayiti. Reuven Bigio se vis-konsil onorè peyi Izrayèl an Ayiti. Georges Bigio (ak mayo a) se konsil onorè a. Tou de gen iminite diplomatik.
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
4
33
64
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
Gélorme Juste, se kouzen minis Claude Joseph ki enplike nan trafik paspò nan anbasad Ayiti ki nan Washington. Le se manm pati politik OPL. Se apre dosye a fè skandal nan kèk medya Ayisyen Etazini, ministè afè etranjè wetire l nan pòs li san okenn sanksyon. Make figi nonm sa a!
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
Tweet media four
7
33
66
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
Pourquoi le salaire du président et du premier ministre reste un secret d'Etat? Combien touchent Jovenel Moise et Jouthe Joseph? Poukisa kòb prezidan ak premye minis lan ap touche se yon sekrè li ye? Konbyen kòb Jovenel ak Jouthe ap touche nan Leta a? Kot transparans lan?
1
30
65
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
Mandam Senatè Rony Celestin achte yon vila pou 4.25 milyon dola ak lajan kach. Li rele Marie-Louisa Célestin. Rony Celestin se yon manm PHTK. Se li menm ki ta touye jounalis Nehémie Joseph nan mwa oktòb 2019. Li atik la sou lyen sa a:
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
Tweet media four
6
39
65
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
#21 - Apre sa, l��t manm fanmi an k ap jere enterè gwoup la nan peyi a se Laurence Bigio, Yael Bigio.
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
1
29
61
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
Nou TOUNEN!!!!
11
8
64
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
#16 - Bigio posede yon konpayi ki rele GB Energy ki pote ak stoke pwodui petwolye nan Karayib la. Konpayi sa a posede gwo sitèn ki stoke gaz tankou gazolin, dyezèl ak kerozèn.
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
1
28
62
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
#15 - Bigio posede yon konpayi ki rele « REPUBLIC ». Se pi gwo konpayi ki fè transpò machandiz nan peyi a. Yo genyen konntenè ak machin ki pote konntenè, yo gen trelè, ak tout lòt machin pou traspòte konntenè ak machandiz nan tout peyi a.
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
1
29
62
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
Sa vle di, pou Jovenel nan tèt Leta a depi tout tan sa a, nou pa janm konn yon kondisip li? Ki moun ki te nan menm lekòl ak Jovenel nou konnen? Menm nan Inivèsite Quisqueya li di li pase, nou pa janm ka jwenn yon kondisip Jovenel ki vin pale n de kijan l te ye?
11
12
65
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
Klas politik sa a pase omwens 30 ane ap bwode rad ki sou Ayiti a. Yo konn 2 pawòl: tranzisyon ak gouvènman ouvèti. An menm tan an, gen yon seri Ayisyen ki travay, ki renmen peyi a, ki kapab itil. Fòk nou akspete yon lòt modèl moun pale pou Ayiti pou n wè yon lòt modèl peyi.
Tweet media one
5
15
62
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
Nou pale de Joseph Mecène Jean Louis sou paj sa a deja. Se paske Mecène Jean Louis entatad ki fè André Michel ak Youri Latortue chwazi l kòm prezidan tranzisyon. Ayisyen li lè pou w souke kò w. Sispann kite malandren deside sou avni w ak avni pitit ou!!!
12
12
61
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
#22 - Madanm Gilbert Bigio, rele Monique. Madanm Reuven Bigio rele Karine.
Tweet media one
Tweet media two
2
28
60
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
#1 - Se pa premye fwa ekip sou pouvwa a ap pwomèt CSPN ap pran gwo mezi pou konbat bandi ak kidnaping. Otorite yo poko ka bay yon bilan sou konbyen kidnapè yo arete, konbyen lajan yo rive sezi, konbyen rezo yo rive idantifye ak demantle. Nou toujou fè yo konfyans?
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
Tweet media four
6
36
60
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
#19 - Se gwoup Bigio ki posede HUHSA (Huileries Haitiennes S.A) ki pwodui luil gourmet, bè Lilly. Se Bigio ki posede ak vann siman KÒLÒS nan peyi a.
Tweet media one
Tweet media two
1
29
59
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
Ede @AkListwa jwenn lis non ak foto tout depite senkantyèm lejislati a. Ou ka voye yon imèl pou nou sou aklistwa @protonmail .com Ou ka voye tout dokiman ou konnen ki gen enpòtans pou Larepiblik. Mèsi pou sipò w!!
1
28
62
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
Sa se reyaksyon yon minis pouvwa a, sou gwo mach ki te fèt dimanch lan, kont diktati ak ensekirite a. Se menm jou sa bandi te touye doktè Paddy a. Gonzague Day fè tout lavi l san metye, ni pwofesyon. PHTK mete l minis pou dyaspora yo. ✍️ #PouLaVeriteAkPouListwa
Tweet media one
10
31
59
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
1 year
Alye Ariel Henry k ap ede l jere pouvwa a.👇 Ann pa bliye yo. Ann konsève achiv yo. 🗂️🗂️ #PouLaveriteAkPouListwa
Tweet media one
23
29
61
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
1 year
Èske w janm pran tan pou reflechi nivo enpak moun sa yo gen sou lavi w ak sou avni w?
Tweet media one
36
46
71
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
Quel que soit l'angle sous lequel on considère l'histoire, la matière est totalement dispersée. Kèlkeswa ang ou pran istwa a, -- voye! Les scénaristes ne pensaient pas à un tel déroulement. La dimension internationale que prend cette affaire dépasse ses auteurs.
2
14
61
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
1 year
Pati Fusion se youn nan pi gwo alye rejim PHTK a. Alix Richard, ansyen konseye Ariel Henry, se sekretè jeneral konsèy minis yo. Daniel Supplice, ansyen minis Ayisyen k ap viv nan dyaspora a te fè kanpay pou eleksyon Michel Martelly. Rosemond Pradel se minis travo piblik.
Tweet media one
9
30
59
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
Apre silans li sou gang yo, masak ak lavi chè, Laurent Lamothe vin gen yon lanmou pou lajistis. Jovenel te eseye banchi l ilegalman nan dosye Petrocaribe a. Lamothe pat janm travay pou gen bon enstitisyon lè l t ap dirije paske se te piye Leta a ki te nan pwogram li.
Tweet media one
Tweet media two
Tweet media three
Tweet media four
4
23
57
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
4 years
#1 - Il laissent pourrir la situation pour que les médias diffusent au maximum une situation de chaos. Tout ceci, pour justifier une intervention étrangère dans le pays, pour les aider à garder le pouvoir et organiser les prochaines élections avec leurs cartes Dermalog.
5
19
61
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
#17 - An 2015, BIGIO te vann pati l posede nan konpayi DINASA a ki te pi gwo konpayi ki t ap vann pwodui petwolye nan peyi a. Se DINASA te konn vann gaz nan ponp NATIONAL yo ak gaz pwopàn SODIGAZ.
Tweet media one
Tweet media two
1
27
56
@AkListwa
Pou Laverite ak Pou Listwa
3 years
#18 - An reyalite, se pa vann Bigio vann DINASA. Se yon akò li pase ak gwoup UNIBANK lan, ki ten gen yon konfli avèk li pou tèren ki nan zòn Lafiteau yo. Ou ka jwenn plis detay la a
1
35
55