Lidè pati politik Pitit Desalin nan,ansyen Senatè Moise Jean Charles mande tout strikti òganize yo mete tèt yo ansanm, fè yon fon komen pou ranplase Prezidan Jovenel Moise nan tèt peyi Dayiti.
#haiti
Premye Minis Nome Jean Michel Lapin resevwa yon move akèy nan aktivite Livre en folie a ki ap dewoule jounen jedi 20 jen 2019 la nan Tabarre, Pòtoprens,
#Ayiti
.
#Haiti
Nouvèl ki soti nan Pòtoprens fè konnen polisye ki tap manifeste yo mete dife nan kèk stann sou Chanmas la aprè yo fin di yo pap sekirize Kanaval Nasyonal la si revandikasyon yo pa pase.
#Haiti
Jhonn Wilson se yon adolesan 15 lane ki ap vann karamèl nan machin piblik pou l kapab fè kòb lekòl li. Ann tande kijan li marye lekòl la ak komès la. Jhonn tap reponn kesyon nan mikwo ak devan kamera Matiado VIlmé.
Depite ameriken Andy Levin sou Ayiti: "San okenn prèv alapui pou denonsyasyon Moise pote sou yon konplo kont lavi li, li pwouve sa mwen-menm ak kolèg mwen yo te deja di: Gen zewo chans pou bon jan eleksyon, bon jan demokrasi, ak bon transparans toutotan se li ki sou pouvwa a..."
Ki wòl Etazini ta dwe jwe nan ka Ayiti a jan bagay yo ye la? Emmanuela Droullion reponn pou l di, bagay la senp, sispann sipòte rejim kowonpi Jovenel Moise la.
#Haiti
Te gen lese frape ant polisye ki t’ap manifeste yo ak solda Lame D’Ayiti yo nan périmèt tou 2004 la. Polisye yo te pran lari ankò jodi Dimanch 23 Fev. a pou mande fòmasyon yon sendika. 📹Matiado Vilme
#Haiti
Elèv lise nan Miragwann pran lari pou mande leta peye pwofesè yo. Dapre youn nan edityan lise yo, dènye fwa yo te wè yon pwofesè nan sal de klas se te mwa desanm 2018. Elèv yo di yap rete nan lari a jiskaske responsab yo tande vwa yo. Video: Jounlis afilye Socrate A. Jean Pierre.
Pierre Esperence di Ayiti pap gen chans pou fè eleksyon ak Prezidan Jovenel Moise sou pouvwa a. Peyi a ap oblije rive nan yon transizyon wè pa wè. Lè sa a nap kapab abòde tout pwoblèm sa yo tankou trafik timoun,koripsyon, vyolans elatriye.
#Haiti
#Ayiti
: Plizyè 100èn moun pran lari nan Pòtoprens dimanch 9 jen 2019 la pou manifeste kont koripsyon kote yap mande lajistis arete mouj ki enplike nan dosye petro Caribe a ak demisyon prezidan Jovenel Moïse sou pouvwa a.
#Banj
, yon espas pou antreprenè ann
#Ayiti
vin reflechi, diskite panse ak devlope lide yo. Lavwadlamerik ap envite w suiv yon entèvyou esklisif ak
#MarcAlainBoucicault
, fondatè e direktè jeneral
#Banj
#Ayiti
: Sal seyans Sena nan moman preparasyon ap fèt pou Premye Minis Fritz William Michel vin prezante enonse politik jeneral li jounen mèkredi 11 septanm 2019 la. Video Renan Toussaint ak Matiado Vilmé.
“Bon kisa medam yo gen la a?” Se sa
@toujoula
mande. Kiyès ki ta renmen esplike? Men rapè Franse Kalash k’ap chante youn nan hit li yo ak èd medam yo. Aswè a se dènye konsè misye ap bay Ayiti nan sant spòtif Kafou a. 📹Matiado Vilme
@kalash972
#Ayiti
: Petro Challengers yo ap pare pou bwè soup endepandans la devan Kou Siperyè Dè Kont, madi premye janvye 2019 la ki raple 215 zan depi Ayiti te pran libète li. Petro Challengers yo ap mande yon ankèt sou dilapidasyon fon
#PetroCaribe
a. Foto: Matiado Vilmé
Daprè Vis Delege Gro Mòn nan Clark Julien, plis pase 20 moun blese lè miray kay tonbe sou yo nan Gro Mòn. Yap resevwa swen nan lopital Gro Mòn nan aswè a. Vis Delege a di se sou galri lopital la yap swaye kèk nan blese yo tèlman yo anpil.
🇭🇹 🇺🇸🗞Imaj Rankont Premye Minis ayisyen an, Garry Conille (R) ak Sekretè Deta Ameriken Ameriken an Antony Blinken nan Depatman Deta a nan Washington, DC, nan 2 jiyè 2024 la.
Yon pòt pawòl Depatman Deta ameriken bay pozisyon Etazini sou pwotestasyon kap fèt ann
#Ayiti
yo, repons ak kesyon Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la te poze sou pozisyon Washington. Ronald Cesar gen detay.
Lidè pati politik pitit Desalin nan, Moise Jean Charles, ki sòt patisipe nan yon kongrè O Venezuela ak patisipasyon reprezantan plis pase 50 peyi, di li dakò ak akò politik opozisyon an jwenn nan Otèl
#Marriott
la.
#Haiti
#Haiti
: Responsab sanitè Latibonit yo nan tèt kole ak Fondasyon zanmi Lasante fè priz an chaj pou 12 prizonye fanm ki viktim vyòl anba plis pase 300 prizonye gason nan prizon Gonayiv la. Detay ak Exalus Mergenat.
Yon asistan pale ak Prezidant Pelosi pou l di:
<<Nou apresye prezans ou la kom 3em pi gwo otorite Ozetazini. Nou apresye sa anpil. Men nou mande pou Etazini respekte souverennte nou.>>
Om politik ke tout moun konnen kòm òm dafè e pwopriyetè plizyè makèt
#Ayiti
: Om dafè e òm politik
#ReginaldBoulos
lanse yon mouvman politik li rele 3èm vwa ki dapre li se sèl mwayen pou rive rezoud kriz politik la ann Ayiti.
#Haiti
#Ayiti
: Manifestan gonfle nan paraj Palè Nasyonal la jounen mèkredi 13 fevriye 2019 la. Fòs mentyen lòd yo sou plas pou anpeche yo rive tou pre Palè a. Video: Matiado Vilmé
#Ayiti
: Manifestasyon opozisyon an ki sou wout
#Delmas
a, bò Televizyon Nasyonal; destinasyon yo se
#PetyonVil
kote yo di yo gen yo mesaj pou sektè biznis la kap sipòte Prezidan
#JovenelMo
ïse sou pouvwa a.
Anbasadè Etazini a ann Ayiti, Michele Sison, byen kontan wè prezans bato lopital militè amerien an
#USNSComfort
ki rive nan Potoprens e ki kòmanse bay swen sante ak plizyè 100tèn pasyan ayisyen.
#Haiti
#USNSComfort
Lavwadlamerik ap di w ret branche sou paj medya sosyal li yo pou w kapab suiv trè byento yon entèvyou li realize ak Anbasadè ameriken an ann Ayiti, Michele J. Sison. Ambasè Sison pral reponn kesyon Jacquelin Belizaire.
#Haiti
.
#USEmbassyHaiti
Anbasad ameriken an nan Pòtoprens anile tout randevou ki te fikse pou mèkredi 21 Novanm nan. Mezi sa a afekte randevou pou viza touris, rezidans ak lòt ankò. Konsila a louvri sèlman pou ka durjans pou sitwayen ameriken. Konsila a ap fèmen jedi 22 Novanm yon jou ferye Ozetazini
Robeste Dimanche Jounalis repòtè nan Radyo Télé Zénith akonpaye ak yon batri avoka depoze yon plent fòmèl nan Enspeksyon Jeneral Polis Nasyonal nan peyi Dayiti IGPNH kont yon gwoup polisye ki nan inite polis Fwontalyè POLIFRONTki ta maspinen li.
#Haiti
Minis Afè Etranjè (AI)
#Haiti
a
#BocchitEdmond
di gouvènman Jovenel Moise la PA KONN ESPONSORIZE masak nan peyi a jan opozan pouvwa a vle fè konprann li an. Minis Edmond di otorite jidisyè yo deja arete plizyè sispèk ki ta enplike nan masak Lasalin nan.
#Ayiti
: Ansyen prezidan Michel Martelly plede an favè yon chanjman an pwofondè nan konstitisyon peyi a; li mande pou tout ayisyen met tèt ansanm. Ansyen prezidan an fè deklarasyon sa nan Okay kote gwoup li a Sweet Micky, tap patisipe nan kanaval 2019 la.
Ansyen Senatè Moise Jean Charles nan tèt yon manifestasyon kont pouvwa Jovenel Moïse la. Lidè Pitit Desalin nan di pèp la ap mouri ak grangou. Li lè pou Jovenel Moïse kite pouvwa a.
#ayiti
#Haiti
Anbasadè Ameriken Michele Sison pwononse’l sou kriz k’ap trakase Ayiti depi 9 semèn. Li di Etazuni ankouraje aktè politik yo antreprann yon diyalòg pou chache yon solisyon pou kriz la. 📹Matiado Vilme
#Haiti
#Ayiti
🇭🇹🇺🇸▶️Depite Ayisyano-Ameriken Sheila Cherfilus-McCormick di : “FÒK PREMYE MINIS ARIEL HENRY DEMISYONE”
Branche Pwogram Television RANDEVOU ENFO sou VOA Kreyòl 4Katrè Tapan Pou Plis Detay
Entèvyoiu ak
#NaomyGrandPierre
, Chanpyòn olenpik natasyon ki pwal reprezante Ayiti nan Je Olenpik nan Japon. Li te reponn kesyon Serge Michel depi Miami.
#Ayiti
: Regwoupman Òganizasyon Angaje, ROA manifeste madi 18 desanm 2018 la devan Primati a, ki se batiman ki loje biwo Premye minis
#JeanHenryC
éant, pou mande kont sou lajan
#PetroCaribe
a. Matiado Vilmé vin ak plis detay nan videyo a.
François Nicolas Jean Claude II Duvalier, pitit defen ansyen prezidan avi Jean Claude Duvalier pa ekate posibilite pou l poze kandida li nan pwochen eleksyon prezidansyèl peyi d'
#Haiti
. M. Duvalier di dwe gen bon jan refòm nan leta a pou peyi a mache byen. Detay ak Jean P. Leroy
Depite ameriken Andy Levin sou sitiyasyon an ann Ayiti: "Mwen gen anpil lapenn -men mwen pa etone- deske (Jovenel) Moise ranfòse kanpay anti-demokratik li a avèk yon seri arestasyon pa bann e pa pakèt dirijan opozisyon an egzatteman nan jou ki ta sipoze dènye jou l sou pouvwa a."
#Ayiti
: Senatè
#JeanRen
èlSenatus ki se Prezidan Komisyon jistis ak sekirite piblik ap bay esplikasyon sou sa ki soti nan rankont komisyon an te genyen ak
#CSPN
nan, konsèy siperyè polis la, madi 26 fevriye 2019 la. Video: Matiado Vilmé
13 Novanm 2019 la raple yon jounen lapann pou kèk fanmi ayisyèn. Masak lekòl Maranata nan Kafoufè kote plizyè polisye ak sitwayen te tonbe anba bal gang ame 13 novanm 2107. 13 Novanm 2018 raple yon masak san parèy kont plizyè sitwayen nan Lasalin.
#Haiti
Sous-sekretè adjwen nan Depatman Deta pou emisfè oksidantal la, Jon Piechowski, di Etazini ankouraje tout aktè politik Ayisyen yo pou yo fè dyalòg prese-prese pou fòme yon gouvènman.” Li ajoute, "Etazini kondane tout zak vyolans ki fèt ann Ayiti yo.
#Haiti
Depite Repibliken eta Utah, Mia Love, ki nan yon kous sere sere ak Ben MacAdams opozan Demokrat li, Mia Love ki fèt Ozetazini men paran li se ayisyen espere genyen eleksyon mimanda yo pou yon 3èm fwa. Li pwomèt pou l kontinye batay pou ayisyen ki gen TPS yo.
#UtahKouve1tiEspesyal
Emmanuela Drouillon di, “pa gen anyen ou ka fè ak yon gouvènman tankou pouvwa Jovenel Moise la ki kowonpi nan tour kòl. Etazini kontinye ap mande dyalòg men map di nou sa pap mache ak leta sa a. Sispann sipòte rejim kowonpi sa a.”
#Haiti
Pierre Esperence di Ayiti pap gen chans pou fè eleksyon ak Prezidan Jovenel Moise sou pouvwa a. Peyi a ap oblije rive nan yon transizyon wè pa wè. Lè sa a nap kapab abòde tout pwoblèm sa yo tankou trafik timoun,koripsyon, vyolans elatriye.
#Haiti
Anbasade Ayiti a nan Washington Bocchit Edmond voye bay Sekretè Deta US la Antony Blinken yon lèt kote li mande sanksyon kont moun ki enplike nan asasina Prezidan Jovenel Moise la.
Sou wout Nazon nan Potoprens ki relye Delmas ak Santre vil la, endividi moun pa rive idantifye lage yon lwil sou asfalt la. Li difisil pou machin sikile sou wout sa a tankou nap gade li nan videyo a. Videyo: Korespondan VOA Kreyòl Mataido Vimé.
Ayiti: Endividi moun pa rive idantifye mete dife nan
#Sogebank
#Mirebalais
a lendi maten 25 novanm 2019 la dapre korespondan Lavwadlamerik Jean Christopher Collegue.
#Haiti
Antreprenè Robert Moscosso ki gen 2 pitit li Nicolas ak Coralie Moscosso ki te viktim zak kidnapin nan kapital la, di li swete jij la, kap prezide pwosè Clifford Brandt ak konsò li yo, pran dispozisyon kap pèmèt jijman an kontinye byen e fini san visdefòm.